Mondyal 2026: Kolonbi elimine Gana epi kalifye pou uityèm de final

Mondyal 2026 la ap kontinye bay gwo emosyon, epi fwa sa a, se ekip Kolonbi a ki fè kè sipòtè li yo kontan. Nan kad sezyèm de final yo, seleksyon kolonbyen an rive pran pas li pou pwochen etap la apre li fin bat ekip Gana a (1-0).

Depi nan kòmansman match la, de ekip yo te montre anpil anbisyon, men se Kolonbi ki te pi rapid pou bloke espas yo epi kreye premye gwo okazyon an.

Moman fò rankont sa a rive byen bonè, nan 14yèm minit jwèt la. Sou yon bèl aksyon kolektif, jwè milye teren kolonbyen an, Jhon Arias, jwenn bon boul la epi li pa tranble devan gadyen ganeyen an pou l mete boul la nan fon sàk (1-0). Gòl sa a te leve tout estad la kanpe epi li te bay ekip Amerik Disid la yon gwo avantaj moral.

Apre gòl sa a, ekip Gana a, ki te gen anpil detèminasyon, eseye pouse pou yo te ka jwenn egalizasyon an. « Black Stars » yo (ti non jwèt seleksyon Gana a) miltipliye atak yo, patikilyèman nan dezyèm mi-tan an, men yo te jwenn yon defans kolonbyen ki te solid tankou ròk epi yon gadyen ki te sou de pyè l.

Malgre presyon Gana te mete nan fen match la, eskò a pa te chanje. Avèk viktwa sa a, Kolonbi ofisyèlman elimine Gana nan konpetisyon an epi l pwan tikè l pou uityèm de final.

Misyon an poko fini pou Kolonbyen yo. Pou pwochen match yo a, yo pral gen pou yo afwonte Laswis, yon ekip ewopeyen ki trè disipline sou plan taktik. Match sa a pwomèt anpil gwo espektak pou tout fanatik foutbòl toupatou sou planèt la.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Laswis elimine Aljeri ak de kout kouto byen file

Seleksyon nasyonal Laswis la reyalize yon gwo operasyon nan kad Koup Dimond 2026 la lè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager