Nan yon match ki koupe souf nan estad Atlanta a aswè a, seleksyon nasyonal Ajantin lan reyalize yon gwo tounen-vin-jwenn (remontada) kont ekip Ejip la pou li pran biyè li pou ka de final Koup di Monn FIFA 2026 la ak yon viktwa (3 – 2).
Match la te kòmanse mal anpil pou chanpyon an tit yo. Depi nan 15yèm minit jwèt la, defansè ejipsyen an, Yasser Ibrahim, te ouvè nòt la ak yon bèl kout tèt. Ajantin te gen chans egalize sou yon penalite, men gadyen Ejip la, Mostafa Shobeir, te bloke yon chout Lionel Messi. Pou vin pi piman bouk, nan dezyèm mitan an (67yèm minit), Mostafa Ziko te double nòt la pou Ejip, sa ki te mete Ajantin nan gwo dlo (2-0).
Lè tout moun te panse Ejip tap kreye pi gwo sipriz nan tounwa a, jwè Lionel Scaloni yo te montre poukisa yo se chanpyon.
Cristian Romero (79′) : Defansè a te redwi nòt la ak yon kout tèt solid pou remete espwa.
Lionel Messi (83′) : Kaptèn lan te rache gòl egalizasyon an sèlman kat minit apre pou mete de ekip yo 2-2.
Enzo Fernández (90+3′) : Nan tan adisyonèl yo, jèn mitan teren an te delivre tout pèp ajanten an ak yon chout mayifik ki bay gòl viktwa a.
Avèk gwo viktwa sa a, Ajantin kontinye wout li pou defann tit li epi li pral afwonte ganyan match ant Lawis ak Kolonbi nan faz ka de final la. Pèp ajanten an kapab respire, « Albiceleste » la toujou vivan!
Echojounal echojounal.net