Mondyal 2026: Frans ak Espay pral batay apremidi a pou yon plas nan final mondial 2026 la!

Tout je fanatik foutbòl toupatou sou planèt la sible sou Lèzetazini apremidi a. De nan pi gwo gwo fòs foutbòl ewopeyen an, Frans 🇫🇷 ak Espay 🇪🇸, pral kwaze nan premye demi-final koup dimond 2026 la. Match sa a, ki ap jwe a 3:00 PM (lè Ayiti), pwomèt anpil emosyon ak bèl jwèt.

Gwo batay sa a pral fèt nan bèl anbyans Dallas Stadium ki nan vil Arlington, nan eta Texas. Pou asire jwèt la dewoule nan lòd ak respekte tout rèl disiplin, FIFA chwazi abit entènasyonal salvadoryen an, Iván Barton, pou dirije match la. Barton, ki gen 35 an, ap patisipe nan dezyèm mondyal li epi li pral asiste pa de lòt konpatriyòt li ki soti El Salvador.

Si de ekip sa yo konn kwaze souvan nan tounwa Ewopeyen (tankou nan Euro 2024 kote Espay te genyen 2-1 oubyen nan Nations League 2025 kote Espay te genyen 5-4), istwa yo nan Koup Dimond la tou kout.

Yon sèl fwa! Rankont apremidi a se sèlman dezyèm konfwontasyon ant Frans ak Espay nan istwa faz final yon mondyal. Sèl fwa yo te kwaze anvan sa, se te nan ane 2006, kote Les Bleus te elimine La Roja 3-1 gras ak gwo pèfòmans Zinedine Zidane, Franck Ribéry, ak Patrick Vieira.

An total, nan tout kalite konpetisyon ak match amikal konbine, de nasyon sa yo deja gen 37 konfwontasyon nan istwa yo. Rankont jodi a ap sèvi kòm yon bèl okazyon pou Espay pran revanj mondyal li, oswa pou Frans konfime dominasyon l nan nivo sa a.

Sitiyasyon de ekip yo nan edisyon sa a montre klèman poukisa yo merite plas yo nan kat dènye yo:
Frans (Les Bleus): Ekip Didier Deschamps a ap fè yon pakou enpresyonan. Yo te fini premye nan gwoup yo ak 9 pwen total apre yo te fin bat Senegal, Irak, ak Nòvèj. Nan faz eliminatwa dirèk la, defans yo pa pran yon sèl gòl: yo elimine Lazwèd 3-0 nan 16èm de final, yo bat Paragwe 1-0 nan uityèm, epi yo ranpòte laviktwa 2-0 kont Mawòk nan ka de final. Gwo sipèsta yo a, Kylian Mbappé, deja make 8 gòl nan tounwa a.

Espay (La Roja): Ekip Luis de la Fuente a te kòmanse yon ti jan dousman ak yon match nil 0-0 kont Kap Vè, men apre sa yo te pran yon gwo vitès. Nan uityèm de final, yo bat Pòtigal 1-0 gras ak yon gòl Mikel Merino nan fen match la, epi nan ka de final yo elimine Bèljik 2-1 ak yon lòt gòl delivrans Merino nan 88èm minit. Yo konte anpil sou jèn jeni Lamine Yamal, ki sot fete 19 an li yè lendi a.

Kanta pou istwa gwo trofe an lò a, Frans gen yon ti avantaj nan tiwa li:
Frans 🇫🇷 ranpòte 2 tit 1998 (lakay yo) ak 2018 (nan peyi Larisi)

Espay 🇪🇸 genyon (1) tit 2010 (nan peyi Afrik disid)

Pandan ke Frans ap chache yon twazyèm etwal pou li bay antrenè li Didier Deschamps yon bèl kado depa (k ap kite ekip la apre tounwa sa a), Espay ap chache tounen nan yon final pou premye fwa depi 16 lane pou l ka genyen dezyèm tit li. Nou ap tann pou nou wè kilès nan de jeyan sa yo ki ap pran tikè pou gwo final la ki ap fèt 19 jiyè nan New York.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Mondyal 2026: Ajantin elimine Laswis nan pwolongasyon epi pase nan pwochen etap la kote yo pral twoke kòn yo ak Angletè.

Se te yon match ki koupe souf! aswè a, seleksyon nasyonal Ajantin lan jwenn biyè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager