Lespay sakre chanpyon apre li fin kraze Lalmay nan final la koup Dewop U19 la.

Seleksyon espanyòl foutbòl gason ki gen mwens pase 19 an (U19) monte sou do Ewòp la yon lòt fwa ankò. Samdi 11 jiyè 2026 la, jèn ti espanyòl yo bat ekip Lalmay la 2 gòl pou anyen (2-0) nan gwo final la, pou yo kapab leve trofe Chanpyon Ewòp la.

‎Jenerasyon jwè sa yo ki fèt nan ane 2007 reyalize yon pakou san fòt nan konpetisyon an. Yo fè yon tounwa pafè : 5 viktwa nan 5 match, yo make 19 gòl epi yo pa pran yon sèl gòl nan men pyès advèsè. Yon pèfòmans istorik ki montre jan ekip sa a te siperyè.

‎Ekip alman an, ki te deja pèdi devan Lespay nan faz gwoup yo, pa te janm jwenn fòmil pou kraze miray defansiv La Rojita.

‎Espanyòl yo te louvri eskò a nan fen premye mi-tan an gras ak yon reyalizasyon Hugo López nan 44yèm minit (1-0). Soti nan kazèn, jèn jwè yo pa te pran tan pou yo touye match la: nan 48yèm minit, Mario Rivas make dezyèm gòl la pou mete nòt la 2-0. Depi lè sa a, jwèt la te pliye.

‎Avèk gwo siksè sa a, Lespay genyen 10yèm tit li nan kategori U19 la. Si yo konte ansyen fòma konpetisyon sa a, sa fè an tou 13 fwa peyi Lespay sakre chanpyon nan nivo sa a.

‎Viktwa sa a pwouve yon lòt fwa ankò ke relèv foutbòl espanyòl la byen asire e ke jèn jenerasyon sa a pare pou l domine sèn entènasyonal la nan ane k ap vini yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Lespay mete Bèljik deyò nan mondyal la e kase randevou ak Lafrans nan demi final.

Se te yon match pou rale souf! Aswè a, nan kad ka de final Mondyal …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager