Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) pran desizyon pou l pa kase kontra antrenè franse a, Sébastien Migné. Malgre gwo echèk seleksyon nasyonal la pran nan premye tou eliminatwa Koup dimond lan ak tout gwo kritik ki ap tonbe sou do l, teknisyen an ap rete nan tèt Grenadye yo jiskaske kontra li bout an desanm 2026, daprè sa jounal Le Nouvelliste rapòte.
Malgre kòlè fanatik foutbòl yo ki te ap mande tèt antrenè a apre move pèfòmans ekip la, FHF chwazi respekte angajman li te pran ak Migné. Sa vle di, se li menm ki ap gen responsablite pou dirije seleksyon an nan pwochen match Lig de Nasyon Concacaf la ki ap vini la yo.
Daprè plizyè sous depaman, chwa FHF la pa baze sèlman sou zafè espòtif, men li gen wè tou ak sitiyasyon administratif federasyon an. Rive nan fen lanne 2026 la, gen eleksyon ki planifye pou mete sou pye yon komite pèmanan nan tèt FHF, apre senk lane kote se yon komite tranzisyon ki ap jere zafè foutbòl la nan peyi a.
Kidonk, lidè aktyèl yo prefere kite Migné fini kontra li pou yo pa lage federasyon an nan gwo dèt oswa nan kriz anplis. Konsa, se nouvo komite ki pral eli nan fen lane a ki ap gen chay pou l trase yon lòt vizyon ak yon lòt direksyon pou lavni seleksyon nasyonal la.
Sébastien Migné ap gen misyon pou l remete konfyans nan yon gwoup jwè ki frape moralman epi rekonkiri kè piblik ayisyen an, ki fache anpil apre echèk Koup dimond lan. Match Lig de Nasyon yo pral sèvi tankou yon tès verite pou antrenè franse a anvan li rann tabliye li bay nouvo dirijan yo an desanm.
Echojounal echojounal.net