Direksyon Jeneral Polis Nasyonal peyi Dayiti (PNH) pote yon klarifikasyon rapid ak yon rime ki ap sikile depi kèk tan sou rezo sosyal yo. Nan yon kominike ofisyèl ki soti dimanch 12 jiyè 2026 la, kòmandman an chèf la voye jete byen lwen enfòmasyon ki fè kwè gouvènman an ta pran desizyon pou redui prim de risk polisye yo.
Dapre bri ki ap kouri sou entènèt la, otorite yo ta pral koupe 15% sou lajan sa a, yon nouvèl ki te kòmanse kreye tèt chaje ak kòlè nan mitan anplwaye enstitisyon an.
Pou koupe dout nan koze sa a, Direksyon Jeneral @pnh_officiel deklare fèmman :
« Okenn desizyon nan sans sa a pa janm pran bò kote otorite konpetan yo. »
Lapolis nasyonal la pwofite okazyon sa a pou mande tout manm kò polis la ak popilasyon an an jeneral pou yo rete vijilan. Yo konseye tout moun pou yo pa kwè nan rime ak fo enfòmasyon, epi pou yo toujou baze yo sèlman sou nòt ak kominike ofisyèl enstitisyon an pibliye pou evite nenpòt konfizyon oswa manipilasyon.
Nan yon moman kote sekirite peyi a repoze anpil sou zepòl fòs lòd yo, kòmandman PNH la vle asire polisye yo ke dwa ak avantaj yo rete garanti selon sa lalwa prevwa.
Echojounal echojounal.net