Mondyal 2026: Angletè kraze Lafrans nan yon ti final istorik, 10 gòl fèt.

Mondyal 2026 la fini ak yon gwo kout teyat pou ekip Lafrans lan. Nan match pou twazyèm plas la, seleksyon Angletè a malmennen franse yo nan yon rankont ki sanble ak yon foli total kote espektatè yo jwenn sa yo te vin chache a: gòl sou gòl. Finalman, se Twa Lyon yo (Three Lions) ki pati ak meday an bwonz lan apre yo genyen (6-4).

Depi nan kòmansman match la, Angletè pa te kache entansyon li. Depi nan twazyèm minit (3′), Declan Rice te deja louvri kòd la pou li bay angle yo avantaj la. Lafrans te ap chache make, men defans yo te ap pran dlo. Nan 18yèm minit (18′), Ezri Konsa pwofite pou li double miz la.

Se la festival Bukayo Saka a te kòmanse. Atakan angle a te nan yon fòm esktrawòdinè. Li make premye gòl pa li nan 37yèm minit (37′) anvan li tounen anba fil nèt nan fen premye mi-tan an, egzakteman nan premye minit arè de jeu yo (45’+1′), pou l te voye Angletè nan klozèt ak yon gwo avantaj.

Malgre franse yo te double efò yo pou yo te tounen nan match la, defans yo pa te ka kenbe fòs atak angle a. Nan dezyèm mi-tan an, revèy franse a te kòmanse sonnen gras ak Kylian Mbappé ki te redui eskò a nan 48yèm minit (48′). Kèk minit apre, nan 54yèm minit (54′), Bradley Barcola te vin bay franse yo plis fòs toujou. Kylian Mbappé t apral parèt ankò nan 66yèm minit (66′) pou l te siyen yon doublé epi mete presyon sou angle yo.

Pandan Lafrans te ap pouse pou li remonte, Bukayo Saka te jwenn yon penalite nan 87yèm minit (87′ P) pou l te siyen yon triple (3 gòl). Franse yo pa te abandone, paske nan 6yèm minit tan adisyonèl la (90’+6′), Ousmane Dembélé te make yon katriyèm gòl pou Lafrans. Men, sa pa te ase pou yo te jwenn egalizasyon an, sitou paske nan bout parèt la, nan 8yèm minit tan adisyonèl la (90’+8′), Jude Bellingham te pwofite pou li te plante sizyèm ak dènye bi Angletè a.

Moun pa abitye wè kalite eskò sa yo nan nivo sa a. Avèk 10 gòl ki make nan ti final sa a, Angletè ak Lafrans ekri yon paj dore nan istwa koup dimond lan pou match twazyèm plas. Menmsi franse yo ap tounen lakay yo san meday ak anpil desepsyon apre yo fin pran move kout fwèt sa a, fanatik foutbòl toupatou sou latè pap janm bliye match fou sa a.
Angletè fini sou twazyèm mach podiòm lan ak tèt yo byen wo!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Ajantin kraze rèv Angletè e rejwenn Lespay pou grand final la!

Nan yon match ki pral rete grave nan istwa koup dimond, seleksyon nasyonal Ajantin lan …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager