kòd la kòmanse sere nan kou gouvènman an defakto a apre piblikasyon kalandriye eleksyon yo pa Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP). Apre CARICOM, se tou pa Sekretè Jeneral Oganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, pou li te voye flè pou KEP a ak etap sa a li konsidere kòm yon pa enpòtan.
Nan yon deklarasyon ofisyèl, Albert Ramdin fè konnen piblikasyon kalandriye sa a se « yon etap fondamantal pou mennen peyi a retounen nan yon gouvènans demokratik ak konstitisyonèl ».
Men, dèyè vòt konfyans ak frap nan men kominote entènasyonal la, reyalite sou tè a rete yon gwo pikan. Piblikasyon dat eleksyon yo mete Premye Minis degakto an devan yon gwo defi: rann peyi a sekirize.
San yon amelyorasyon san fòse nan sitiyasyon sekirite a sou tout teritwa nasyonal la, li p ap posib pou gen eleksyon. Etablisman kalandriye sa a mete gouvènman an nan yon kwen kote li pa gen okenn lòt chwa ankò:
1. Regle kriz sekirite a pou pèmèt popilasyon an al vote an tout libète.
2. Kite pouvwa a pou enkapasite si li pa rive bay rezilta li te pwomèt yo depi lè l te pran fòs aprè 7 fevriye 2026 la.
Mete sou sa, kominote entènasyonal la ak sosyete civil la ap suiv ak anpil atansyon chak pa gouvènman an ap fè. Peryòd tranzisyon an rantre nan dènye viraj li, epi tan an ap kouri byen vit anfavè popilasyon an ki ap tann yon chanjman reyèl ak yon retou nan lòd konstitisyonèl.
Echojounal echojounal.net