Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) rann piblik yon nouvo kalandriye ki trase gwo liy ak dat enpòtan pou òganizasyon pwochen konsiltasyon popilè yo nan peyi a. Dokiman sa a, ki kouvri peryòd 2026-2027 la, fikse dat pou eleksyon prezidansyèl, lejislativ, kolektivite teritwa yo ansanm ak referandòm pou ratifikasyon nouvo konstitisyon an.
Dapre planifikasyon KEP la, premye gwo etap la ap kòmanse ak kanpay elektoral pou premye tou a ki ap louvri depi 15 avril rive 17 jiyè 2027.
Kalfou ki pi enpòtan nan premye faz sa a fikse pou dimanch 18 jiyè 2027. Nan dat sa a, popilasyon an ap gen pou l ale nan in yo pou pase vote nan twa (3) skriten alawafwa:
* Premye tou eleksyon prezidansyèl la,
* Premye tou eleksyon lejislativ yo,
* Referandòm pou ratifikasyon popilè a.
Daprè sa ki ekri nan kalandriye a, enstitisyon elektoral la prevwa pibliye rezilta pwovizwa yo depi 22 jiyè 2027, pandan rezilta definitif pou premye tou sa a ta dwe deyò nan dat 9 out 2027.
Pou sa ki konsène dezyèm tou a ak konsiltasyon pou kolektivite teritwal yo, men ki jan KEP a ankadre kalandriye a:
* 3 septanm – 2 oktòb 2027: Peryòd kanpay elektoral pou dezyèm tou an.
* 4 oktòb 2027: Jou jeneral vòt pou dezyèm tou prezidansyèl ak lejislativ yo, ki ap konbine an menm tan ak eleksyon pou kolektivite teritwa yo.
* 6 ak 7 oktòb 2027: Piblikasyon rezilta pwovizwa yo.
* 20 oktòb 2027: Piblikasyon rezilta definitif pou eleksyon prezidansyèl ak lejislativ yo.
* 23 oktòb 2027: Piblikasyon rezilta definitif pou eleksyon kolektivite teritwa yo.
Anons sa a vini nan yon moman kote atant yo anpil nan sosyete a ki ap tann yon retou nan nòmalizasyon enstitisyonèl la. Menm si kalandriye sa a trase yon bèl wout teyorik pou ane 2027 la, anpil analiz rapòte ke siksè pwosesis sa a ap depann anpil de kapasite otorite yo pou yo kreye yon anviwònman sekirite ak lojistik ki favorab pou pèmèt tout sitwayen ale vote lib e libè.

Echojounal echojounal.net