Sekretè Jeneral Òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA), Albert Ramdin, ki te ap dirije yon delegasyon Kominote Karayib la (CARICOM), te gen yon rankont travay enpòtan madi 18 out 2026 sa a ak manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) nan komin « Petion ville »
Chita pale sa a antre nan kad demach ak sipò kominote entènasyonal la ap pote pou ede Ayiti nan preparasyon ak òganizasyon pwochen jout elektoral yo. Delegasyon entènasyonal la te pwofite rankont sa a pou abòde divès sijè teknik, defi ki genyen nan kadrilaj pwosesis la, ansanm ak fason entènasyonal la ka akonpaye enstitisyon an pou garanti yon kous ki lib epi transparan.
Malgre enpòtans ak nivo delegasyon ki te deplase a, prezidan KEP a, Jacques Desrosiers, pa te fè okenn deklarasyon ak laprès nan fen reyinyon sa a. Diskrèsyon sa a kite anpil moun ap mande tèt yo sou sa ki te diskite egzakteman epi ki pwochen etap ofisyèl yo pral ye.
Reyinyon sa a fèt nan yon moman kote KEP a ap kontinye franchi etap nan jesyon pwosesis la. Rankont lan rive touswit apre enstitisyon an te finalize travay regwoupman pati politik yo, yon demach ki pèmèt yo pase soti nan 316 òganizasyon pou rive nan 105 antite ki agreye (sa vle di 17 regwoupman ak 88 pati politik).
Echojounal echojounal.net