Nèf (9) ane apre piblikasyon yon atik nan kolòn jounal « Le nouvelliste » ki te ap denonse deriv ak nonchalans ki genyen nan sèvis grèf yo, grèf tribinal premye enstans Pòtoprens lan sanble ap kontinye fonksyone nan menm kondisyon yo. Grèf la, ki se vrè memwa tribinal la, ap bat dlo pou fè bè. Jan dènye asiz kriminèl ak asistans jiri yo te dewoule a bay yon nouvo ilistrasyon sou sa.
Twa semèn apre yo fin kenbe asiz kriminèl sa yo, ki pa te janm òganize depi uit (8) lane, youn nan premye kaye odyans yo disparèt. Yon sitiyasyon ki, dapre enfòmasyon jounal la jwenn, pa bay twòp pwoblèm ni enkyete moun nan grèf la.
Grefye ki responsab pou konsève kaye sa yo konfime sa bay jounal « Le nouvelliste », tankou si se te yon ensidan òdinè. « Nou poko jwenn kaye a. Pafwa sa konn rive, nou jwenn li apre », se sa li te deklare bay jounalis la nan yon konvèsasyon nan telefòn, madi 18 out 2026 la.
Echojounal echojounal.net