20 Premye Migran rantre nan Liberya Soti nan Etazini

Yon premye gwoup 20 migran Etazini depòte te rive nan peyi Liberya nan Jedi 20 Out 2026 la. Vòl sa a rantre nan kad yon akò ant administrasyon Donald Trump ak gouvènman liberyen an.
‎
‎Akò a prevwa pou Liberya resevwa jiska 1 200 migran sou yon peryòd 12 mwa.
‎Majorite moun yo soti nan peyi Amerik Latin ak Karayib la, tankou Kiba, Venezwela, ak Kolonbi.
‎
‎Etazini ap bay gouvènman liberyen an yon asistans 5 milyon dola pou ede jere kriz sa a ak akeyi moun sa yo.
‎
‎Dapre otorite liberyen yo, migran sa yo pa nan prizon. Yo ap gen posiblite pou yo mande azil nan Liberya, rete pou yon tan, oubyen pati ale nan yon lòt peyi yo chwazi.
‎
‎Pwojè sa a fè pati nouvo estrateji administrasyon ameriken an pou voye migran yo nan « yon twazyèm peyi » lè li pa posib pou voye yo dirèkteman nan peyi doriJin yo.
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Tansyon nan ONA : Anplwaye yo leve vwa yo kont Lovely François, yo akize li dèske li ap gaspiye lajan bwat la pou kanpay politik

‎Yon gwo van pwotestasyon soufle depi byen bonè maten jedi 19 novanm 2026 la nan …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager