Ayiti/Ensekirite: Plis pase 5 000 moun kouri kite kay yo pandan otorite yo alèz nan silans yo

Yon lòt fwa ankò, se popilasyon sivil la ki ap peye fòsèy bandi ak zam ki ap seme lafyèv ak lanmò nan peyi a. Selon dènye rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye, pou pi piti 5 254 moun, ki reyini nan 1 214 fanmi, oblije kouri kite lakay yo nan komin Gwo Mòn (depatman Latiboni) apre yon gwo vag vyolans ki te pete nan dat 28 septanm 2026 la.

Moun sa yo soti nan plizyè lokalite tankou Peletye, Kanifiz ak Sant-Vil (nan 3yèm seksyon Rivyè Blanch), Kamas (nan 6yèm seksyon Savann Kare), ak Dosni (nan 7yèm seksyon Moulin). Pifò nan yo (92 %) jwenn yon ti kote pou yo rete nan men lòt fanmi ki ap viv nan zòn nan ak nan lavil Gonayiv (44 %), pandan yon ti gwoup (8 %) ale abite nan de (2) sit OIM.

Yon Leta fantòm ki pito gade sinema
Pandan popilasyon an ap sibi kout zam, pèdi tout sa yo te genyen epi deplase ak lapèn nan kè yo, otorite de facto ki ap dirije peyi a kontinye montre yo pakyè. Pa gen okenn plan ijans ki deplwaye pou pote sekou bay fanmi sa yo, ni okenn dispozisyon sekirite serye ki pran pou retounen kalm nan zòn Latibonit lan, ki tounen yon vrè lanfè sou latè anba men gwoup ak zam yo.

Rete bra kwaze sa a devan detrès ki ap kraze moun Gwo Mòn yo se yon prèv klè otorite sa yo abandone pèp la nèt. Pandan fanmi ki ap resevwa moun yo deja ap toufe anba mizè ak lavi chè. Leta a pa menm kapab founi dlo, manje, ni asistans medikal pou viktim sa yo.

Jous ki lè pèp ayisyen an ap kontinye gen nan tèt peyi a yon ekip chèf ki pa kapab asire ni sekirite, ni pote sekou lè katastwòf sa yo rive? Yon sèl bagay ki klè jodi a: silans ak inaksyon gouvènman an tounen yon konplisite ki pa menm kache ankò devan kriz sou kriz ki ap kraze peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Injections ratées : Le naufrage d’une mise à mort aux États-Unis

Après des heures de chaos juridique et de tensions médicales, l’exécution de Christa Pike s’est …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager