Nan lide pou fòme yon nouvo jenerasyon sitwayen ki angaje nan batay pou sekirite alimantè peyi a, òganizasyon AGRI-MODESS prezante yon nouvèl enisyativ ki pote non Farmers For Ayiti (FFA). Pwojè sa a vize dirèkteman jèn lekòl nan zòn Malik yo pou ba yo zouti nesesè pou yo vin aktè nan devlopman agrikòl dirab nan kominote yo.
Pandan vakans ete a, Farmers For Ayiti ap ofri yon seri fòmasyon teknik sou pwodiksyon legim ak lòt rekòt ki bay rannman nan yon ti tan kout (sik kout). Men pwojè a pa rete la selman: li prevwa tou kreyasyon yon HUB agrikòl ansanm ak yon koperativ pou jèn pwodiktè yo. Objektif la se pèmèt ti moun sa yo pa sèlman konn kouman pou yo plante, men tou pou yo devlope yon lespri antreprenarya nan domèn lan.
Responsab AGRI-MODESS yo kwè lajenès reprezante lavni pwodiksyon nasyonal la. Pwojè sa a vle kreye yon espas kote jèn yo ka aprann pwodui, antreprann, epi bay men nan konstriksyon yon Ayiti ki kapab nouri tèt li ak pwòp resous pa l.
Apèl la lanse pou tout jèn ti gason ak ti fi ki gen ant 15 ak 18 lanne epi ki rete nan zòn Malik. Moun ki enterese yo kòmante sou piblikasyon òganizasyon an pou yo ka enskri epi pran pati nan bèl antrepriz sa a.
Echojounal echojounal.net