Ayiti/Ensekirite: Gouvènman Defakto a Chwazi « Deplase Pwoblèm nan » olye li Rezoud li, Canapé-Vert Kanpe sou akwochay.

Pandan popilasyon ayisyen an ap kwoupil anba lwa kriminèl gang ame yo, otorite nan tèt gouvènman defakto a sanble chwazi yon estrateji ki ap simen plis laperèz ak divizyon: deplase viktim yo pou mete yo nan zòn ki pi oswa mwens estab, olye yo kwape kriminèl ki ap chase yo lakay yo. Lide pou kreye yon sit akèy nan zòn Morne Garnier (Canapé-Vert) pou moun ki ap kouri kite teworiz Senfoni Kriminèl nan Plèn nan ak Cité Soleil soulve yon gwo kòlè ak yon gwo panik lakay abitan yo, ki wè nan demach sa a yon konplo tou kout.

Vandredi maten sa a, zòn Canapé-Vert reveye anba gwo tansyon. Barikad kawotchou limen bloke lari, aktivite yo paralize nèt. Pou abitan yo, mesaj la klè: yo pap asepte gouvènman an vin « enpòte » ensekirite a nan katye yo.

Dapre plizyè sitwayen ki te ap manifeste ak kòlè nan lari a, desizyon gouvènman defakto a pou li mete yon sant konsa nan Canapé-Vert se pa yon aksyon imanitè, men se yon prèv klè kote leta demontre li pa gen okenn volonte pou li konbat kriminèl yo. Olye pou fòs sekirite yo ta reprann kontwòl Cité Soleil ak Plèn Cul-de-Sac pou pèmèt sitwayen yo viv lakay yo ak dinite, gouvènman an pito chwazi abandone zòn sa yo nèt nan men nèg ak zam.

Sa ki pi grav la, abitan yo denonse sa yo rele yon « estrateji tòtiwèl » kote leta ap travay pou koalisyon gang « Viv Ansanm » lan. Yo estime ke depi yo deplase popilasyon sa yo vin enstale nan Morne Garnier, se pòt la yo louvri bay kriminèl yo pou yo vin anvayi, enfiltre epi kontwole Canapé-Vert, yon zòn ki te toujou ap goumen pou li kenbe tèt li lwen laterè sa a.

« Gouvènman sa a pa ka ba nou sekirite, kounye a li vle enpoze nou gang nan zòn nou an? Nou pap janm asepte sa. Si yo vle ede moun Plèn yo, se netwaye pou yo netwaye zòn nan anba men gang, se pa vin simen panik nan mitan nou », se sa yon abitan zòn nan deklare ak raj.

Pou anpil obsèvatè, desizyon sa a montre limit yon pouvwa ki pa gen okenn lejitimite ni vizyon estratejik pou frennen ensekirite a. Olye pou otorite yo ta deplwaye gwo mwayen pou kwape gang yo nan baz yo, yo pito kreye nouvo pwen tansyon nan kapital la. Sa a sanble yon politik « pouse do pwoblèm nan » ki ap sèlman agrave kriz la.

Pandan nwit ap tonbe sou kapital la, tansyon an rete djanm nan Canapé-Vert. Abitan yo voye yon avètisman klè bay gouvènman defakto a: toutotan pwojè sa a pa anile nèt epi otorite yo pa pran responsabilite yo pou konbat gang yo la kote yo ye a, lari a ap rete bloke. Yon lòt fwa ankò, se popilasyon an ki ap peye konsekans enkapasite ak kòripsyon yon leta ki an dekonfiti.

About Emmanuel Hubert

Check Also

223e anniversaire du bicolore : Le Palais National comme bunker, Arcahaie abandonnée aux gangs

Ce lundi 18 mai 2026, l’histoire officielle retiendra qu’Haïti a célébré le 223e anniversaire de …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager