Selon yon sous byen enfòme, yon Konsèy Minis prevwa reyini lendi 5 oktòb 2026 sa a nan lide pou pote modifikasyon nan dekrè elektoral la, yon etap ki konsidere tankou yon kondisyon prensipal pou debouche sou yon kalandriye elektoral ki ka kenbe tèt li.
Pandan tan sa a, Konsèy Elektoral Provizwa a bò kote pa li (KEP) ap finalize yon kominike ki ta dwe rann piblik touswit apre Konsèy Minis la fin akòde chanjman yo. Nan deklarasyon sa a, KEP a ta dwe anonse nouvo oryantasyon pou pwosesis elektoral la, presize etap ki rete pou franchi yo, epi bay yon premye gade sou nouvo kalandriye a pou enskripsyon pati politik ak enskripsyon elektè yo.
Nouvèl ki ap sikile yo rapòte tou yon gwo kout bale ki riske fèt nan tèt plizyè enstitisyon piblik. Gen gwo posiblite pou yo nommen de (2) nouvo Direktè Jeneral. Chanjman sa yo ta dwe antrene destitisyon oswa revokasyon yon Direktris Jeneral ki ap dirije yon enstitisyon anndan peyi a, yon desizyon ki rantre nan kad yon seri negosyasyon politik pou redefini balans pouvwa a anndan tranzisyon an.

Chanjman sa yo ap fèt nan yon moman kote kritik yo ap vin pi rèd sou fason otorite yo ap jere peyi a. Anpil obsèvatè ak sektè nan sosyete sivil la denonse sa yo rele yon « enkonpetans konfime » nan tèt tranzisyon an, ki pa rive pote repons ki klè ni sou kriz sekirite a, ni sou chaj lavi a.
Sou plan entènasyonal la, evalyasyon an pi tris toujou: anpil moun panse diplomasi ayisyen an « plat atè », san okenn estrateji ki vizib pou defann enterè peyi a oswa retabli imaj li sou sèn mondyal la.
Pandan popilasyon an ap kontinye sibi konsekans kriz la, tout je rete fikse sou reyinyon Konsèy Minis la ak kominike KEP la ki ka redefini direksyon peyi a ap pran nan jou ki ap vini yo.
Echojounal echojounal.net