Okazyon rantre jidisyè 2026-2027 la rive nan yon kalfou difisil pou sistèm jistis la nan peyi Ayiti. Nan yon nòt pou laprès ki pibliye lendi 5 oktòb 2026 sa a, Asosyasyon Pwofesyonèl Magistra yo (APM) voye yon gwo kirobi sou divès fwen ak difikilte ki ap anpeche sitwayen yo jwenn jistis jan sa dwa.
Pwezidan APM nan, mèt Marthel Jean Claude, drese yon tablo ki tris anpil sou sitiyasyon an nan plizyè rejyon nan peyi a. Pami prensipal pwoblèm ki anpeche tribinal yo fonksyone nòmalman, asosyasyon an lonje dwèt sou:
Mank mwayen ak enfrastrikti ki pa adapte: Anpil tribinal pa gen ekipman nesesè pou travay, e batiman yo nan yon eta deplorab.
Mank magistra: Kantite jij ki disponib yo pa ase pou reponn ak kantite dosye ki ap anpile yo.
Ensekirite ki ap monte: Pwoblèm sekirite a vin fè li preske enposib pou magistra, pwofesyonèl jistis yo ak moun ki gen dosye nan tribinal yo deplase an tout trankilite.
Dapre APM, tout faktè sa yo ansanm ap reponn ak yon sèl konsekans: yo bloke aksè ak lajistis e yo kontinye penalize moun ki ap chèche jistis yo.
Fas ak sitiyasyon sa a, mèt Marthel Jean Claude lanse yon apèl kouray bay gouvènman defakto an pou li pran reponsablite l rapidman. Li mande pou otorite yo fòtifye sekirite alawonn e pote plis mwayen nan tout jiridiksyon peyi a, nan lide pou garanti tout sitwayen yon pi bon sèvis jistis san kras.
Echojounal echojounal.net