Ayiti/Eleksyon: Kisa ki chanje nan nouvo dekrè elektoral la ki pibliye nan Le « Moniteur »?

Dekrè elektoral ki sot pibliye nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, pote plizyè gwo modifikasyon ak chanjman enpòtan nan kad ki ap dirije pwochen eleksyon yo nan peyi a. Pami chanjman sa yo, genyen modifikasyon ki fèt nan atik 153 la, ki soti nan 26 alinea pou li vin gen 22 sèlman kounye a.

Pami atik ki retire yo, nou jwenn alinea 20 ak 21 yo. Chanjman sa a pèmèt moun ki anba sanksyon entènasyonal yo ansanm ak moun ki pa fin peye debann yo genyen ak enstitisyon Le

ta tankou ONA ak FDI gen dwa poze kandidati yo nan pwochen eleksyon yo. Dispozisyon sa a ouvè yon espas ki an favè moun ki pa te kapab patisipe anvan poutèt pwoblèm ak Leta oswa sanksyon.

Nan menm dekrè sa a, gen konfigirasyon kote demisyon yo dwe fèt pou asire yon sèten ekilib nan konpetisyon an:

Komisè Gouvènman yo: Dwe bay demisyon yo de (2) mwa anvan peryòd enskripsyon kandida yo ouvè.

Ajan Ekzekitif Enterimè yo: Gen sèt (7) jou apre piblikasyon dekrè a pou yo kite pòs yo.

Ansyen Minis yo: Yo ap bezwen prezante yon dechaj anvan yo ka enskri kòm kandida.

Malgre dekre a pibliye epi kad legal la poze, okenn dat pa ankò fikse pou kòmansman dewoulman vòt yo.

Desizyon sa a ap provoke anpil reyaksyon nan mitan sosyete sivil la ak klas politik la, kote anpil moun panse ke mank restriksyon sa yo ba kèk sektè yon privilèj pou yo rantre nan ras elektoral la san yo pa ranpli tout obligasyon finansyè ak moral yo te dwe genyen avèk Leta.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Justice :Le dossier Maduro s’alourdit à New York

La justice fédérale américaine a déposé un acte d’accusation supplétif visant l’ancien président vénézuélien Nicolás …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager