Entènasyonal ayisyèn nan, Melchie Daëlle Dumornay, ke tout moun konnen sou non « Corventina », soti pou li domine foutbòl feminen an Frans ankò pou sezon sa a. estar ekip OL Lyonnes an resevwa premye distenksyon endividyèl li pou sezon an, kote yo eli li kòm meyè jwez pou mwa septanm nan nan Arkema Première Ligue la.
Yon kòmansman sezon ki san parèy
Remiz trofe sa a vin rekonpanse yon mwa septanm kote grenadyè a te pwodui yon pèfòmans ekstrawòdinè sou teren an. Nan sèlman twa (3) premye match li te jwe ak OL Lyonnes nan champaonnat an, Corventina te enskri 6 bils epi li te bay 2 pas desizif, sa ki konfime wòl majistral li nan atak ekip lyonèz la.
Remiz trofe UNFP sa a te fèt an prensip anvan kout Janm gwo klasik foutbòl feminen franse a kote OL Lyonnes ap kwaze ak Paris Saint-Germain, samdi 17 oktòb sa a nan sware an (3h05 nan maten, lè Pòtoprens).
Rekonpans sa a vin tonbe nan yon moman kle nan sezon an pou pitit fi Mibalè a:
Reyalizasyon sa a bay Corventina ak OL Lyonnes yon gwo ogmantasyon nan moral yo anvan yo afwonte prensipal rival yo nan chanpyona a nan Parc des Princes la.
Distenksyon sa a sèvi kòm yon gwo rapèl sou kalite ak regilarite Corventina sou sèn entènasyonal la, pandan tout je fikse sou prestijye seremoni Ballon d’Or France Football ki pral fèt nan dat 26 oktòb ki ap venir an nan vil Lond (Angletè).
Tout pèp ayisyen an ak fanatik foutbòl yo ap swiv avèk anpil fyète evolisyon pèpèt sa a ki kontinye ap ekri non l ak lèt lò nan elit foutbòl mondyal la.
Echojounal echojounal.net