Sitiyasyon an rete konplike nan depatman « Artibonite » la. Ant 28 septanm ak 13 oktòb 2026, vyolans ame ki te eklate nan komin Gwomòn nan lakòz pou pi piti 10 197 moun kouri kite kay yo pou sove lavi yo, dapre dènye done Rezo Entènasyonal pou Migrasyon (OIM) pibliye.
Daprè rapò OIM lan, popilasyon sa a ki deplase reprezante anviwon 2 436 fanmi ki jwenn tèt yo nan gwo difikilte sou plan imanitè ak sosyal.
Done OIM yo montre yon gwo solidarite popilè nan mitan kominote yo, men sa tou pote yon gwo chay sou fanmi ki resvwa yo:
* 99% nan moun deplase yo jwenn refij nan men fanmi ak zanmi ki aksepte lwe yo yon ti espas oswa akeyi yo lakay yo.
* 1% sèlman rive enstale nan 2 sit espesyal ki te monte san pèdi tan pou reponn ak ijans la.
Konsènan kote moun sa yo al kache, chif yo montre:
* 71% rete nan menm komin Gwomòn lan nan zòn ki pi kalm yo.
* 23% deplase ale nan komin Gonayiv.
* Rès yo gaye nan lòt ti zòn ki tou pre yo.
Daprè detay ki soti nan teren an, atak ak konfli ame yo te frape plizyè lokalite ki nan divès seksyon kominal Gromòn tankou:
* 3è Seksyon Kominal (Rivyè Blanch): Lokalite Péletier, Carnifice ak tout sant lavil la te sibi gwo presyon ak konfli.
* 6è Seksyon Kominal (Savan Kare): Lokalite Kamas tou te frape pa vyolans sa yo.
* 7è Seksyon Kominal (Moulin): Lokalite Dosny te afekte tou.
Sitiyasyon sa a vin mete plis presyon sou resous ki deja limite nan zòn sa yo, pandan òganizasyon iminitè yo ap kontinye swiv evalyasyon an pou wè ki jan yo ka pote asistans bay fanmi sa yo ki pèdi preske tout sa yo te genyen.
Echojounal echojounal.net