‎Ayiti/Ensekirite: Barikad ak kòlè nan lari pou mande retou nan katye orijin yo

 

Plonje nan kondisyon lavi ki depase limit nan kan yo, plizyè santèn moun ki te deplase nan Delma ak Solino te monte barikad ankò madi 20 oktòb 2026 sa a. Avèk yon kolè ki pa ka kache, yo lonje dwèt sou Premye Minis de facto a, Alix Didier Fils-Aimé, ke yo akize de mantè.
‎
‎Pou moun sa yo ki ap viv chak jou ak yon pakèt soufrans, kan yo pa reprezante abri ankò, men pito yon pyèj ki refize ba yo diyite moun. San dlo, san swen, ak san okenn sekirite minimòm, yo di yo rive nan bout souf yo.
‎
‎Fristrasyon an pa sèlman sou kondisyon lavi yo, li vize dirèkteman tou tèt otorite yo. Nan mikro laprès, pòtparol ak manm nan gwoup manifestan yo pa met dlo nan bouch yo pou kalifye aksyon pouvwa an plas la. Yo deklare:
‎
‎ « Alix Didier Fils-Aimé se yon blofè. Li te pwomèt nou mwayen ak solisyon pou nou sòti nan kan yo, men nou pa wè anyen ki sòti nan angajman sa yo. »


‎
‎Dapre moun ki te nan mouvman an, gouvènman an te ap fè bèl bwi ak pwomèt sipò pou ede yo kite sit deplasman yo, men apre pawòl yo, anyen konkrè pa poze sou teren an.
‎
‎Grèv sa a ak nouvo manifestasyon sa yo montre klèman echèk mezi akonpayman gouvènman an te ap eseye mete an plas pou jere kriz deplase yo. Lè popilasyon ki ap soufri a wè espwa yo ap fennen jou apre jou, revandikasyon pou yon retou san danje nan katye orijin yo vin tounen sèl solisyon yo aksepte.
‎
‎Ant ensekirite ki ap taye banda ak move kondisyon imanitè ki genyen nan kan yo, presyon an vin pi lou sou tèt otorite yo ki oblije bay repons rapid ak klè anvan sitiyasyon an dejenere nèt sou tout liy nan zòn metwopolitèn nan.

‎
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Guyto Saurel ak Platfòm Politik Rekonsilye jwenn yon gwo akèy nan men popilasyon an.

Nan yon anbyans ki te gen anpil chalè ak mobilizasyon, Platfòm Politik Rekonsilye te lanse …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager