Ayiti/Men kiyès li ye: Stevenson Telfort (Atros) : Soti nan plim ak mikwo pou rive nan anbisyon politik pou lwès la.

Gen gason ki make epòk yo ak yon sèl kalite, men gen lòt ki travèse tan an gras ak divèsite talan yo, fòs karaktè yo, ak konviksyon yo. Stevenson Telfort, ke tout peyi a konnen sou non Atros, rantre nan dezyèm kategori sa a. Powèt, rapè, ansyen pwofesè, ak entelektyèl engagé, vwa emblèmatique gwoup RockFam Lame A deside franchi yon lòt etap nan lavi l : sèvi peyi li nan pi wo nivo leta kòm senatè pou Depatman Lwès la.

Depi nan anfans li nan vil Pòdepè kote li fèt 13 jen 1980, yo te deja ka wè gwo pasyon li pou konesans ak liv. Li kòmanse premye klas li yo nan lekòl Frè Sen Jozèf anvan li te pouswiv nan Kolèj Notre Dame de Lourdes ak Lise Horatius Laverture.

Men, kote Atros fèt pou li make diferans lan, se nan kapasite li pou l imarye kilti ak fòmasyon akademik solid :
– Syans Enfòmatik : Li te kòmanse nan INUKA (2002-2006).
– Syans Jiridik ak Politik : Li te pase nan syans jiridik epi li kontinye fòmasyon l nan syans politik nan Inivèsite Quisqueya.
– Pwofesè : Anvan mizik te kouvri tout tan l, li te pase sèt lane ap pataje konesans li nan anseye matematik ak fizik ak jèn yo.

Nan lane 2004, atis la te koud ansanm ak frè li Pikan epi konpayon tankou Knaggs, Big Jim ak Fatal yon mouvman ki ta pral boulvèse istorik kilti popilè a : RockFam Lame A.

Kòm pi gwo plim gwoup la, Atros te mete sou papye revandikasyon, dout, ak lespwa tout yon jenerasyon. Pwodiksyon albòm ikonik tankou Saw paka konprann, Yon lòt vizyon, Pa gen pasen, Afichew, ak Demaske mete RockFam nan mitan pi gwo lejann rap kreyòl la.

« Mizik Atros la pa te janm sèlman pou danse oswa pou bri ; se te yon zouti denonsyasyon kout pwen ak kout plim sou enjistis ak move gouvènans. »

Menm lè li te travèse gwo moso fè nwa nan lavi l tankou yon aksidan sikilasyon grav nan mwa fevriye 2021 ak yon atak ak zam nan zòn Delmas 75 kote li te pran bal Atros pa te janm abandone. Rezilyans li ak lafwa l te ede l kanpe pi solid toujou.

Sou plan pèsonèl, li te selebre lanmou an 2023 lè l te marye ak madanm li, Florma Jacob, nan mitan fanmi, zanmi ak fanmi RockFam nan.

Jodi a, eksperyans akademik li, matirite l, ak koneksyon l ak pèp la pouse l ale pi lwen pase mikwo a. Stevenson Telfort gen anbisyon pou l reprezante depatman Lwès la nan Sena Repiblik la.

Pou Atros, angajman sa a se yon pwolongasyon natirèl sou tout sa li ap denonse nan tèks li yo depi plis pase de deseni. Li vle pote vwa lajenès la, batay pou lalwa renye, epi travay sou pwopoziyon lwa ki ka pote yon chanjman reyèl nan lavi chak jou sitwayen yo.

Soti nan kreyon pwofesè a rive nan mikwo atis la, pou l ateri nan kreyon lejislatè a : Stevenson Telfort (Atros) kontinye ekri istwa l kòm yon sèvitè fidèl lakay.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Cap-Haïtien : Arrivée de 77 migrants haïtiens rapatriés des États-Unis

Un nouveau contingent de 77 migrants haïtiens expulsés des États-Unis est arrivé ce jeudi à …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager