Michel Martelly depoze pyès li nan KEP: Ansyen prezidan an ap chèche yon dezyèm manda

Ansyen prezidan Repiblik la, Michel Joseph Martelly, fè yon lòt pa enpòtan nan kous pou li tounen nan tèt peyi a. Jounen vandredi 23 oktòb 2026 sa a, ansyen chèf leta a rann li nan biwo Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) li

depoze dokiman ak pyès ofisyèl li yo nan kad kandidati li pou kous prezidansyèl la.

Apre li te fin konplete etap pre-enskripsyon an sou entènèt atravè platfòm dijital KEP a, Martelly te deplase an pèsòn pou li te vin ranpli dènye kondisyon sa a ki mande pou depoze pyès yo fizikman.

Se anba sipò ak aklamasyon yon pakèt patizan ak senpatizan ansyen prezidan an te pase nan lari Petyonvil pou li rive nan biwo elektoral yo. Martelly, ki te dirije peyi a ant 2011 ak 2016, te antoure ak tèt poze pa ekip li ansanm ak avoka li yo pandan demach sa a.

Pou eleksyon ki ap vini yo, ansyen chèf leta a ap prezante tèt li anba banyè « Debloke », yon gwoupman politik ki mete li deryè li pou pèmèt li pran yon dezyèm manda nan tèt peyi a.

Menmsi depozisyon pyès yo se yon gwo etap ki franchi, kandidati Michel Martelly a po ko konfime nèt ale. Kounye a, se nan men konsèy elektoral la sa ye. Otorite nan KEP a pral gen pou yo egzamine tout dokiman yo pou wè si yo konfòm ak lalwa ak konstitisyon peyi a anvan yo pibliye lis final kandida ki rete yo.

Si KEP a valide dosye l la, Michel Joseph Martelly ap antre ofisyèlman nan kous la pou wè si l ka retounen nan Palè Nasyonal pou yon dezyèm fwa.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Coaching de vie vs Coaching professionnel : Une frontière à clarifier

Choisir le bon accompagnement exige d’évaluer précisément son contexte actuel et ses objectifs fondamentaux, qu’ils …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager