Bout tanpèt ak lapli ki ap tonbe sou kapital ayisyen an pa rive frennen vòl kago ak charter ki soti tou dwat nan peyi El Salvador. Dapre enfòmasyon ki soti sou teren an, plizyè gwoup militè salvadoryen poze pye sou tè Ayiti.
Nan mitan aksyon sa a gen yon gwo rezon: yon rechèch tèt chaje pou jwenn militè salvadoryen ki te disparèt depi dimanch 18 oktòb 2026 la nan zòn Santo. Rive militè sa yo rantre nan yon plan deplwaman ki ta dwe genyen plizyè milye sòlda, ki ap vini pou ranfòse sa ki te deja sou plas yo.
Malgre sou papye yo prezante sòlda sa yo kòm yon pati nan Fòs Represyon Gang, fason travay la monte a soulve anpil kesyon nan mitan diplomat ak obsèvatè sekirite yo. Gen yon diferans klè ant vizyon chèf leta salvadoryen an ak komandman jeneral fòs entènasyonal la. Tout siyal montre Nayib Bukele ta renmen wè yon pati nan kòmandman salvadoryen an ap fonksyone yon jan kòt a kòt, san yo pa pase anba prensip ak otorizasyon fòmèl FRG an.
Pandan vòl yo ap kontinye ak ekipman, kesyon an rete pou wè kijan kowabitasyon sa a ap fèt sou teren an ant fòs ki anba kontwòl dirèk Salvador ak lidèchip fòs entènasyonal la ki deja ap batay ak gang yo nan Pòtoprens.

Echojounal echojounal.net