Nan yon piblikasyon li fè sou rezo sosyal li yo samdi 3 oktòb 2026 la, atakan seleksyon nasyonal la, Wilson Isidor, pataje yon mesaj ki gen anpil fòs ak matirite kote li montre wòl yon grenadye depase senp kad yon match foutbòl.
Pou jwè ki pote nimewo 18 la nan seleksyon an, mete mayo Ayiti a se yon angajman ki pi fon pase sa ki pase sou yon teren espò. « Reprezante Ayiti se pote yon istwa, yon idantite, yon kilti ak espwa tout yon pèp. Se tou, mezire privilèj pou defann koulè w, ak responsablite ki vini avè l », se sa reprezantan nasyonal la ekri pou eksprime sa li resanti chak fwa li gen pou l defann peyi a.
Atakan ki ap evolye nan klèb anglè Sunderland AFC a eksplike fason foutbòl la aprann li defann sa ki pou li ak pasyon, pandan li ap kenbe yon gwo respè pou lòt yo. Li rekònèt ke pandan 90 minit yon match, gen rivalite, gen koulè, epi chak ekip antre ak volonte pou genyen. Men selon li menm, vrè valè espò a chita nan sa ki pase apre kout siflè final la.
« Diferans nou, se li ki fè bote foutbòl la. Mwen fyè de Ayiti. Mwen fyè de pèp nou an. Mwen fyè pou m pote koulè nou », se mesaj @IsidorWilson voye ale jwenn tout kominote ayisyèn nan atravè mond lan.
Echojounal echojounal.net