Ayiti / Sekirite: Machin 4 sòlda salvadoryen yo jwenn Santo, menas Bukele yo ap monte sou gang yo

Yon nouvo etap franchi nan dosye kat militè salvadoryen ki disparèt nan peyi Ayiti yo, pandan tansyon an ap kontinye monte nan nivo ki pi wo ant otorite El Salvador yo ak gwoup ame sou teren an.

Gras ak yon operasyon espasyal militè salvadoryen yo te mennen nan zòn Santo, yo te rive jwenn machin ki te gen kat sòlda yo anndan l anvan yo te disparèt la. Malgre entèvansyon sa a ki te pèmèt yo reyalize yon premye pa sou teren an, okenn tras ni okenn kontak ak kat militè yo poko jwenn sou plas.

Pandan rechèch yo ap rapouswiv, Lanmò San Jou, chèf gang 400 Mawozo, te fè yon deklarasyon ak ajans nouvèl Associated Press (AP) kote li afime kat militè salvadoryen sa yo deja mouri. Pou kounye a, otorite yo poko pote okenn konfimasyon sou pawòl sa yo.

Nayib Bukele kontinye menase gang yo
Bò kote pa l, Prezidan peyi El Salvador, Nayib Bukele, rete trè fèm sou pozisyon l. Li klè sou sa: kat sòlda yo dwe jwenn pa kèlkeswa mwayen an. Bukele monte menas li yo yon kran anplis lè li deklare ke si yo pa jwenn kat militè sa yo, li ap aneyanti ak detwi tout gang yo nèt.

About Emmanuel Hubert

Check Also

ONU konfime resepsyon yon lèt ki soti nan men « Lanmò 100 jou », Etazini reponn

Yon nouvo etap franchi nan kriz sekirite ki ap sakaje peyi Dayiti a. Pòt-pawòl Nasyon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager