Direktwa Nasyonal RASANBLE  a mande KEP a ranplase ansyen mandatè li a ak pwolonje dat enskripsyon yo

Direktwa Nasyonal pati Politik RASANBLE depoze yon memorandòm bay Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) a, Mesye Peterson Pierre-Louis, pou denonse yon sitiyasyon iregilarite ak gwo sakaj nan sistèm enskripsyon kandida yo.

Dapre dokiman an, malgre Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) te fin rekonèt nouvo estati notarye ak nouvo direktwa a depi 24 out 2026, KEP a kontinye kenbe Innocent Joseph kòm mandatè pati a nan sistèm li an.

Direktwa a denonse ke Innocent Joseph te pwofite sitiyasyon sa a pou li enskri yon seri kandida pifò nan yo pa menm manm RASANBLE san okenn otorizasyon ni apwobasyon enstans lejitim pati a. Aksyon sa a anpeche dirijan lejitim yo gen aksè ak sistèm enskripsyon an pou mete vrè kandida yo, pandan dat limit la fikse pou 15 novanm 2026.

Fas ak blokaj sa a, Pati RASANBLE mande KEP a pou l:
* Rekonèt e aksepte nouvo Direktwa Nasyonal la ki anba direksyon Dr Franche Lawson.

* Retire mouche Innocent Joseph epi ranplase li pa Sekretè Jeneral la, Mesye Josias Benoît, kòm sèl mandatè legal.

* Bay pati a yon delè siplemantè apre 15 novanm lan pou li ka enskri tout kandida ofisyèl li yo nòmalman.

Pati a rapòte ke respè pou dwa sa yo nesesè pou garanti yon pwosesis elektoral ki egzat, jis ak demokratik nan peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Edikasyon/Manifestasyon: Plizyè dizèn elèv nan Jakmèl pran lari jounen lendi 9 septanm 2026 la.

Yon gwo mouvman pwotestasyon pete jounen lendi 9 novanm 2026 la nan vil Jakmèl. Plizyè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager