Vyolans gang ame yo ki ap ravaje zòn metwopolitèn Pòtoprens lan pran yon lòt nivo ki bay kè sere. Selon yon dènye rapò Biwo Kowòdinasyon Afè Imen Nasyonzini (OCHA) pibliye lendi 13 me 2026 la, ki baze sou done Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF), timoun yo vin tounen premye viktim lagè sa a ki ap dewoule nan lari yo.
Depi vandredi 10 me ki sot pase a, gwo kout zam ki ap pete nan divès katye nan kapital la lakòz omwen 7 timoun pèdi lavi yo. Men sa ki pi rèd la, gen 176 lòt timoun ki blese nan mitan afwonman sa yo. Kit se bal pèdi, kit se atak vize, lavi ti moun sa yo baskile nan yon peryòd ki pa menm rive yon semèn.
Kantite timoun ki blese yo mete yon gwo presyon sou estrikti medikal yo ki deja nan yon move eta. UNICEF montre jan li difisil pou timoun sa yo jwenn swen yo bezwen rapidman, pandan anpil lopital ap fonksyone ak mwayen bò kòt oubyen oblije fèmen pòt yo poutèt ensekirite a.
Pou ajans Nasyonzini yo, chif sa yo se pa sèlman estatistik, se yon prèv klè jan dwa timoun yo ap pilonnen anba pye an Ayiti. OCHA ak UNICEF kontinye mande pou gen yon koridò imanitè epi pou gwoup ame yo sispann pran sivil, sitou timoun, sèvi sib nan konfli yo.
Echojounal echojounal.net