Nan yon desizyon ki pran Lendi 16 novanm 2026 la, Konsèy Inyon Ewopeyen an anonse sanksyon fèm kont kat gwoup kriminèl ame ki ap simen latwoublay nan peyi Dayiti: « 5 Segond », « Gran Ravin », « Kraze Baryè » ak « 400 Mawozo ».
Dapre otorite Inyon Ewopeyen yo, òganizasyon sa yo responsab yon seri zak grav kont dwa moun ki depase limit. Yo akize yo pou:
· Lanmò ak asasinay popilasyon an,
· Zak vyolans seksyèl ak vyòl,
· Kidnapping ak kadejak sou moun,
· Vyolans mechan sou timoun.
Anplis mechanste sa yo sou sivil yo, gang sa yo vize tou enfrastrikti sante yo e yo mete baryè pou anpeche èd imanitè rive jwenn moun ki pi vilnerab yo nan moman kriz la pi grav.
Sanksyon yo pa sèlman vize non gwoup yo, men kèk chèf ki ap dirije yo. Nan lis la, nou jwenn non Renel Destina, ke yo plis konnen sou non « Ti Lapli », ki se youn nan gwo chèf nan gwoup « Gran Ravin ».
Mezi Konsèy Inyon Ewopeyen an pran yo gen ladan yo plizyè pwen presi pou koupe sou resous gwoup sa yo:
1. Gel byen yo: Tout lajan oswa byen gwoup ak moun sa yo genyen nan peyi manm Inyon Ewopeyen yo ap bloke.
2. Entèdiksyon vwayaj: Moun ki nan lis sanksyon yo pa gen dwa mete pye ni vwayaje nan okenn peyi ki fè pati Inyon Ewopeyen an.
3. Koupe finansman: Li entèdi nèt pou bay gwoup sa yo oswa moun sa yo lajan oswa nenpòt lòt fòm sipò finansye, ni dirèkteman ni endirèkteman.
Echojounal echojounal.net