Bukele reponn pèp ayisyen an ki te pran lari : Yon videyo chòk pibliye pou 18 novanm nan 2026 la.

Yon jou apre vag manifestasyon masiv ki te souke plizyè kwen nan peyi Dayiti nan dat 17 novanm 2026 la, kote plizyè milye sitwayen te desann nan lari pou di Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, yo avèk li epi ankouraje li kontinye bay bandi yo bwa, chèf leta salvadoryen an pa pran tan pou li reyaji.

Byen bonè maten an, nan dat senbolik 18 novanm nan ki make 223èm anivèsè Batay Vètyè. Prezidan Bukele poste yon videyo sou kont ofisyèl X (ansyen Twitter) li. Nan mesaj li a, li adrese li dirèkteman ak pèp la, kote li prezante videyo sa a kòm yon « kado » pou jou fèt istorik sa a.

Nan prèske tout kwen peyi Dayiti, sitwayen ki te an kòlè kont ensekirite a te pran lari nan jounen 17 novanm nan. Avèk pankat ak slogan byen fò, manifestan yo te eksprime admirasyon yo pou travay lidè salvadoryen an ap fè kont kriminèl nan peyi li.

Pandan mach la, foul la te ap rele byen fò pou di jan yo « renmen travay li ap fè a » e yo te mande li pou li « kontinye bay bandi yo bwa », pandan yo ap swete wè menm jan de rezilta sa yo nan peyi Dayiti pou libere popilasyon an anba kòd ensekirite a.

Repons lan pa te pran tan pou li rive. Byen bonè maten 18 novanm 2026 la, Prezidan Bukele aji ankò sou rezo sosyal yo lè li pibliye yon videyo ki moutre kay chèf gang yo konnen sou non « Jeff gwo lwa » ki ta pran frap anba men fòs sekirite yo.

Aksyon sa a, ki fèt nan mitan selebrasyon Batay Vètyè a, deklanche yon gwo vag reyaksyon nan tout peyi a ak sou rezo sosyal yo. Pou anpil sitwayen, jès sa a se yon repons dirèk ak yon siy solidarite ki montre prezidan salvadoryen an tande rèl lari a byen fò.

Devlopman sa a relanse deba a sou kesyon sekirite nan peyi a, kote popilasyon an ap tann aksyon konkrè ak rezilta vizib menm jan ak sa yo wè ki ap fèt lòt bò dlo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎PNH/Nòt: Avètisman kont zak vyolans ak vandalis nan manifestasyon yo

‎Nan yon nòt ki rann piblik jounen lendi 16 novanm 2026 la, Direksyon Jeneral Polis …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager