‎Tansyon nan ONA : Anplwaye yo leve vwa yo kont Lovely François, yo akize li dèske li ap gaspiye lajan bwat la pou kanpay politik

‎Yon gwo van pwotestasyon soufle depi byen bonè maten jedi 19 novanm 2026 la nan prèske tout biwo Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA) atravè peyi a. Anplwaye enstitisyon an kanpe travay epi lanse kritik amè kont Direktris Jeneral la, Lovely François, ki te pran tèt bwat la nan mwa mas 2026 la, yo repwoche pou move jesyon ak detounman resous enstitisyon an nan enterè politik pèsonèl.a
‎
‎Selon pwotestatè yo, depi lè madan François enstale nan tèt ONA, enstitisyon an ap fè bak. Anplwaye yo denonse yon seri vwayaj san kontwòl direktris la ap miltipliye ak lajan asire yo, pandan aktivite administrativ yo paralize. Yo fè konnen okenn dosye pa ka siyen akoz madanm nan prèske pa janm disponib nan biwo li, epi li deside kanpe tout sèvis prè yo san li pa bay anplwaye yo ni asire yo okenn eksplikasyon.
‎
‎Pi gwo kòlè anplwaye yo chita sou fason direktris jeneral la ap itilize mwayen enstitisyon an pou finanse ak prepare kanpay elektoral kandida Wilner Joseph, ki selon enfòmasyon ki sikile nan mitan pèsonèl la se li menm ki te kore nominasyon madan François nan tèt ONA.

‎Pwotestatè yo revele direktris la retire bis ki te konn asire transpò anplwaye yo chak jou. Olye machin sa yo sèvi pèsonèl la, yo akize madan François dèske li ap itilize menm bis sa yo pou mennen anplwaye yo al enskri kòm elektè pou yo ka al vote kandida Wilner nan pwochen eleksyon yo.
‎
‎Anplis akizasyon gaspiyaj ak itilizasyon byen Leta pou politik, anplwaye yo kondane sa yo rele « pratik gwo ponyèt » direktris la ap enstale nan bwat la. Yo site kòm egzanp yon tantativ arestasyon kont youn nan kòlèg yo ki te ap senpleman defann dwa li ak dwa rès anplwaye yo ak pansyon li ap bay yon seri moun li konnen ki ka revòlte kont move jesyon li.
‎
‎Bò kote pa yo, kondisyon travay yo vin pi difisil chak jou nan biwo ONA yo :
· ‎Pa gen dlo potab pou anplwaye yo bwè ;
· ‎Anpil biwo manke chèz pou pèsonèl la chita pou travay ;
· ‎Salè yo rete bloke san okenn ajisteman, alòske lavi chè a ap vale teren chak jou pi plis.
· ‎Tout prè anplwaye yo kanpe.
‎
‎Fas ak sitiyasyon sa a ki riske dejenere, anplwaye ONA yo lanse yon apèl ijan bay Premye Minis defakto a ansanm ak Wilner Joseph li menm, pou yo pran responsabilite yo epi retire Lovely François nan tèt enstitisyon an anvan bagay yo vin pi mal.
‎
‎

About Emmanuel Hubert

Check Also

Commémoration de Vertières : le Consulat Général d’Haïti à Paris ferme ses portes ce mercredi 18 novembre

À l’approche d’une date charnière de l’histoire nationale haïtienne, le Consulat Général de la République …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager