_Pwoblèm gaz peyi a ap fè fas dènye tan sa yo genyen gwo enpak sou kèk radyo, pami yo radyo Kiskeya. Daprè jounalis radyo Kiskeya a, Kettia JP Taylor, radyo Kiskeya atè akoz pwoblèm gaz._ Depi plis pase 2 semèn, peyi Dayiti gen gwo pwoblèm gaz ki ap sakaje l. …
Li Plis »SINEMA/ DRAM : YON AKTÈ TOUYE YON MOUN E YON LÒT BLESE, AKSIDANTÈLMAN PANDAN TOUNAJ YON FIM
Pandan tounaj yon fim, aktè Alec Baldwin touye ak bal, aksidantèlman, jedi 21 oktòb 2021 an direktris fotografi a, Halyna Hutchins e blese reyalizatè western nan, Joël Souza. Yon gwo dram rive fèt nan peyi eta ameriken nouvo Meksik pandan tounaj yon fim. Aktè Alec Baldwin tire, pa aksidan ak …
Li Plis »AYITI/ GAZ: POPILASYON NAN DEPATMAN NÒ BLOKE WOUT POU DENONSE GAZ CHÈ A
Popilasyon nan komin Piyon, ki nan depatman Nò bloke wout la maten vandredi 22 oktòb 2021 an, pou pwoteste kont ratman gaz la ak zak ensekirite a ki pa sispann taye banda nan peyi a. Manm popilasyon an ap fè pase fistrasyon yo parapò ak pwoblèm gaz la, kwaze plizyè …
Li Plis »AYITI/JISTIS: YOUN NAN PITIT GASON ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE POTE PLENT NAN KABINÈ ENSTRIKSYON
Youn nan pitit gason ansyen prezidan Jovenel Moïse, Joverlin Moïse, pote plent nan kabinè jij enstriktè Gary Orelien ki ap enstwi dosye asasina ansyen prezidan repiblik la Jovenel Moïse, jounen mèkredi 20 oktòb 2021 an, daprè avoka li mèt Patrick Florvilus. Mèt Patrick Florvilus, fè konnen kliyan li an Joverlin …
Li Plis »LEMOND/ ENTANPERI: PASAJ TANPÈT « AURORE » FÈ GWO DEGA NAN KONTINAN EWOPEYEN AN
Tanpèt « Aurore » ki frape peyi Polòy sòti madi 20 ak mèkredi 21 oktòb 2021 an, lakoz kat (4) moun mouri ak 6 lòt blese epi plizyè fanmi sinistre, daprè enfòmasyon otorite peyi Polòy yo mete disponib. Tanpèt » Aurore », ki pa sèlman frape peyi Polòy men plizyè lòt peyi nan …
Li Plis »AYITI/ENSEKIRITE : BANDI AK ZAM TIRE SOU MACHIN JIJ ENSTRIKSYON GARRY ORELIEN.
Jij enstriksyon tribinal premyè enstans pòtoprens lan mèt Garry Orelien sove de jistès anba bal bandi mal entansyone nan dèlma 95, kote bandi yo ouvè kout bal sou machin jij la. Jij Orelien se jij ki ap kondwi dosye ansyen prezidan Jovenel Moïse nèg ak zam te touye nan lanwit …
Li Plis »AYITI/NOMINASYON: FRANTZ ELBÉ NONMEN DIREKTÈ JENERAL LAPOLIS NASYONAL DAYITI
Enstitisyon Lapolis Nasyonal Dayiti a gen yon nouvo chèf nan tèt li. Nan yon arete ki pibliye, Frantz Elbé nonmen direktè jeneral a.i nan tèt Lapolis Nasyonal Dayiti. Komisè Frantz Elbé ranplase Léon Charles nan tèt enstitisyon an. Yon ti tan apre Léon Charles fin demisyone, yon arete nonmen Frantz …
Li Plis »AYITI/ ASASINAY : ENTÈPÒL METE MEN SOU YOUN NAN SISPÈK NIMEWO 1 NAN ASASINAY ANSYEN PREZIDAN JOVENEL MOÏSE.
Palacios se non youn nan kolonbyen yo estime selon DCPJ ki se sispèk nimewo 1 jwenn arestasyon li nan peyi jamayik. Polisye entèpòl mete men nan pat kasav prezime ansasen an pou enplikasyonl nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021 nan rezidans prive …
Li Plis »AYITI/POLITIK : ANDRÉ MICHEL SOU WOUT POU DIVÒSE AK PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY
Aprè mèt André Michel te fin kontan, de (2) bral ouvè, lang deyò tankou chat ki wè bè lè li tap siyen akò apezman, akò peze souse a 11 septanm 2021 an. Kounyea, nan yon deklarasyon mèt la fè mèkredi 20 oktòb 2021 an, li sou wout pou li divòse …
Li Plis »AYITI/KIDNAPIN : DOKTÈ IZABELLE VICTOR JWENN LIBERASYON LI.
Selon enfòmasyon sal redaksyon Echojounal la genyen nan bon timamit, doktè Izabelle Victor bandi nan Matisan te kidnape samdi 16 oktòb 2021 an jwenn liberasyon li nan aprè midi mèkredi 20 oktòb 2021 an kont ranson. Daprè sa pwoch otaj la di doktè Izabelle libere mèkredi 20 oktòb la nan …
Li Plis »