Madi 22 jen 2021an, bandi ak gwo zam moun pa rive idanfye kidnape pwofesè, Dwayen inivèsite Saint François d’Assise ( Sen Franswa Dasiz) Raymond Jn Baptiste nan komin kwadèboukè. Aprè ravisè yo fin kidnape pwofesè inivèsite a, etidyan ki ap etidye nan inivèsite a nan zòn dèlma 33 te pran …
Li Plis »AYITI/SOSYETE : KIYÈS PREZIDAN KOU KASASYON AN TE YE ?
Prezidan lakou kasasyon an, René Sylvestre, mouri jounen mèkredi venn twa(23) jen 2021 an, nan maladi kowonaviris yon nouvèl ki frape tout peyi ak divès sektè yo. Kiyès kite René Sylvestre la ? Mèt René Sylvestre, te fèt nan komin Senmak depatman Latibonit, se la li fè etid segondè li, …
Li Plis »AYITI/KOVID 19: JOVENEL MOÏSE REYAJI APRE NOUVÈL LANMÒ MÈT RENÉ SYLVESTRE LA.
_Prezidan repiblik la, Jovenel Moïse daprè sa ki ekri sou kont twitè li atriste apre nouvèl lanmò mèt René Sylvestre la._ « Nouvèl lanmò prezidan kou kasasyon an e ki se te tou prezidan konsèy siperyè pouvwa jidisyè a, mèt René Sylvestre, yon moun Leta, fidèl kòm moun kap sèvi repiblik …
Li Plis »AYITI/ KOVID-19: PREZIDAN KOU KASASYON AN FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
_Mèt René Sylvestre, prezidan konsèy siperyè pouvwa jidisyè e ki se tou prezidan kou kasasyon, mouri nan maladi kowona viris la jounen mèkredi 23 jen an nan lopital Mibalè_ . Sistèm jistis ayisyen an an dèy. Gen yon gwo mapou ki tonbe. Prezidan kou kasasyon an ki te trape Kovid-19 …
Li Plis »AYITI/ KIDNAPIN : PLIZYÈ JÈN NAN VIL ENCH MANIFESTE POU MANDE LIBERASYON DE (2) TI FI KI TE KIDNAPE DISÈT (17) JEN PASE A.
Plizyè jèn fanm ak jèn gason ki sòti nan divès katye sant vil komin Ench ki nan depatman Sant, manifeste jounen mèkredi venn twa (23) jen an pou mande liberasyon Ganaelle Beaugé ak Malaessa Saint Peux. Daprè esplikasyon jounalis Cenatus Peeterson, fè konnen jèn sa yo te deside pran lari …
Li Plis »LEMONN/JISTIS: GUILLAUME SORO, ANSYEN PREMYE MINIS KOTDIVWA KONDANE POU LI PASE TOUT RÈS LAVI LI NAN PRIZON
_Lajistis nan peyi Kotdivwa kondane ansyen premye minis Guillaume soro pou li pase tout rès lavi li nan prizon. Ansyen premye minis la koupab devan lajistis pou tantativ atent « à la sûreté de l’État »._ Lajistis ivwaryèn kondane Guillaume Soro pa kontimas pou li pase tout rès lavi li nan prizon. …
Li Plis »LEMOND/TRANBLEMAN TÈ: YON TRANBLEMAN TÈ SEKWE PEYI PEWOU.
Yon tranbleman tè manitid 6, sekwe nan aswè madi venn de(22) jen 2021 an, Lima kapital peyi Pewou, daprè anons sant sismolojik nasyonal peyi a. Selon sant sismolojik nasyonal Pewou, fè konnen nan premye sekous la te evalye ak manitid 5,8 nan yon pwofondè 32 kilomèt, ak yon distans 33 …
Li Plis »AYITI/ ENSEKIRITE : » MOUN MATISAN KI TAL REFIJE NAN SANT ESPÒTIF KAFOU A AP VIV NAN MOVE KONDISYON », DAPRÈ IMED.
Enstiti mobil edikatif demokratik (IMED), vizite vandredi dizuit (18) jen 2021 an, fanmi ki te refije yo nan sant espòtif kafou a. Direktris egzekitiv (IMED) la, Ketly Julien, fè konnen moun sa yo nan move kondisyon nan sant espòtif la paske yo ap rankontre divès pwoblèm tankou moun yo pa …
Li Plis »AYITI/ POLITIK : PATI POLITIK KAD- AYITI FETE DEZYÈM ANIVÈSÈ YO NAN DEPATMAN NIP
Pati politik konbit aksyon pou devlope Ayiti (KAD-AYITI), selebre jounen madi venn de (22) jen 2021 an, dezyèm anivèsè yo nan depatman Nip. Seremoni pou make dat la te fèt nan komin Miragwàn, nan entèvansyon li Kòdonatè (KAD- AYITI) a, Serge Delva Gaspard, fè konnen se nan yon kontèks difisil …
Li Plis »MOÏSE JEAN CHARLES AL PATISIPE NAN KONGRÈ KARAKAS KAP FÈT SOU 200 LANE BATAY « CARABOBO » A NAN PEYI VENEZYELA.
_Moïse Jean Charles kite peyi a jounen 21 jen 2021 an pou li rann li nan peyi Venezyela kote li ap gen pou li patisipe nan kongrè Karakas kap fèt sou 200 lane batay « carabobo » a._ Nan yon twit ansyen senatè Nò a mete deyò jounen 22 jen an, li …
Li Plis »