Nam komin Site Solèy yon papa koupe tèt yon pitit gason ke li genyen epi li antere li nan lakou lakay li apre pitit la ta menase touye manman li. Papa a pran desizyon sa apre li te ale nan komisarya pandan twa fwa kote li tal fè konnen madanm …
Li Plis »AYITI/POLITIK: PATI POLITIK BOUCLIER MANDE PREMYE MINIS JOUTHE POU LAGE PYE LI APRE YON VOICE KAP SIKILE SOU REZO SOSYO YO.
Nan yon lèt tou louvri platfòm BOUCLIER ki se yon alye pouvwa a adrese ak prezidan repiblik la Jovenel Moise jounen 12 me 2020 an yo mande li pou li debarase li prese prese de premye minis Joseph Jouthe. BOUCLIER pran desizyon sa, selon sa yo fè konnen apre yon …
Li Plis »AYITI/EKONOMI: SEKTÈ AGRIKȮL PEYI DAYITI A JWENN YON GWO KOUT MEN NAN MEN BANK MONDYAI.
Bank Mondyal anonse yo debloke 9,5 milyon dola vèt pou sektè agrikòl la nan peyi Dayiti, pou kapab lite ak kriz pandemi kowonaviris la ki vini mete akse sou klou a. Direktris operasyon bank mondyal la nan peyi Dayiti Anabela Abreu ki tap bay detay sou lajan sa ki debloke …
Li Plis »AYITI/PANDEMI: MINISTÈ SANTE PIBLIK FÈ KONNEN 123 DEPÒTE YO RANTRE LAKAY YO.
Nan yon nòt ki pote dat 8 me 2020 an, ministè sante piblik anonse popilasyon an ke 123 depòte ki te soti nan peyi Etazini jou ki te 23 avril 2020 an rantre lakay yo. Selon nòt la yo pa gen kowonaviris, nòt la fè konnen ayisyen sa yo te …
Li Plis »AYITI/PANDEMI: YON PREMYE LO MATERYÈL RIVE NAN PEYI A POU EDE POPILASYON AN LITE AK KOWONAVIRIS LA.
Prezidan repiblik la Jovenel Moïse, premyè dam nan Martine Moïse, premye minis la Joseph Jouthe, minis sante piblik la Greta Roy Clement ak plizyè lòt manm nan gouvènman an resevwa jounen jedi 7 me 2020 an premye lo materyèl yo te kòmande yo. Minis sante piblik la ki tap reyaji …
Li Plis »AYITI/ESPÒ: PREZIDAN FEDERASYON AYISYÈN FOUTBÒL LA PRAL POTE PLENT POU YON JOUNALIS AK TOUT YON MEDYA.
Nan yon konferans pou laprès prezidan federasyon ayisyèn foutbòl la Dadou Jean Bart anonse li pral pote plent kont x nan tribinal Kwadèbouké a epi nan peyi lòtbò dlo kont Molina ak jounal Britanik The « Gadian ». Prezidan Federasyon ayisyèn foutbòl la pran desizyon sa apre jounal « The Gadian » akize li …
Li Plis »8 ME 1962 – 8 ME 2020 DIREKSYON JENERAL BIDJE : 58 LANE
28 me 2020 fè 58 lane depi Direksyon Jeneral Bidjè ap travay pou aplike politik Leta Ayisyen nan tou sa ki gen pou wè ak prepare bidjè Leta, kontwole epi swiv jan li ekzekite. Pou make dat sa a, Direksyon Jeneral Bidjè deside pibliye yo dokiman pou pèmèt piblik la …
Li Plis »AYITI/KORIPSYON: ULCC LAGE KOUKOUWOUJ DÈYÈ ADMINISTRATRIS RNDDH LA.
ULCC ki se inite kap lite kont koripsyon nan peyi Dayiti lage koukouwouj dèyè administratis RNDDH la Marie Gesly Damas Jean Pierre pou tèt li refize prezante nan biwo ULCC a pou reponn kesyon sou ankèt kap mennen sou yon milyon goud sibvansyon BMPAD te bay RNDDH sou gouvènman Jocelerme …
Li Plis »AYITI/PANDEMI: DIREKTRIS LOTRI LETA AYISYEN LONJE LAMEN BAY KÈK MOUN KI NAN BEZWEN.
Direktris lotri leta ayisyen an Marie Margareth FORTUNÉ lonje lamen bay kèk moun ki nan bezwen jounen madi 5 me 2020 an nan lokal enstitisyon an ki chita kò li nan zòn Pacot. Direktris la bay plis ke 150 moun ki nan bezwen pwovizyon alimantè pou ede yo goumen ak …
Li Plis »AYITI/COVID 19: KOWONAVIRIS LA KÒMANSE BAY GWO KÈ SOTE NAN PEYI A PANDAN ANPIL MOUN KONTINYE AP FÈ TÈT DI
Otorite sanitè yo nan peyi Dayiti anonse yon bilan ki bay gwo kè sote pandan yon seri moun nan popilasyon an ap fè anpil tèt di. Selon bilan sila a gen san en (101) moun ki gen kowonaviris la, douz (12) moun fè vwèl pou peyi san chapo epi dis …
Li Plis »