Peyi Etazini entèdi ameriken yo pou yo pa vwayaje Sendomeng akoz Kovid-19 e delenkans . Fas ak sa, ansyen chanselye ayisyen, Claude Joseph, fè konnen sekirite zile a se yon kesyon ki prewokipan. « Sekirite zile a se yon kesyon pwewokipan. M kwè, san m pa nan yon lojik polemik, Ayiti …
Li Plis »AYITI/ POLITIK: MOÏSE JEAN CHARLES FÈ YON GWO DEKLARASYON APRE SA KI FIN RIVE LI NAN PEYI ETAZINI AN.
Ansyen senatè depatman Nò a, Moïse Jean Charles reyaji apre imigrasyon nan peyi Etazini koupe viza li. » Depi w wè loksidan trete m konsa konnen m frape yo fò », deklare ansyen kandida pou pòs prezidan an nan ayopò Toussaint Louverture devan kamera ak mikwo jounalis nan dat 25 janvye …
Li Plis »AYITI/POLITIK :OFIS PWOTEKSYON SITWAYEN FIKSE POZISYON LI SOU FEN MANDA PREMYE MINIS DEFAKTO ARIEL HENRY
Ofis pwoteksyon sitwayen (OPC), enstitisyon nasyonal endepandan nan zafè pwomosyon ak defann dwa moun, nan yon nòt ki parèt 23 janvye 2022, fè konnen manda premye minis defakto Ariel Henry ap rive nan bout li 7 fevriye 2022 ki ap vini la. « Selon tout kalkil matematik, manda prezidansyèl mesye Jovenel …
Li Plis »AYITI/GOUDOU GOUDOU: MOUN KAP VIV NAN DEPATMAN NIP AK GRAN SID KONNEN YON NWIT NWA
Apre tè a fin souke nan plizyè komin nan depatman Nip la byen bonè lendi 24 janvye 2022 a, popilasyon an konnen yon nwit nwa akoz detanzantan yo santi yon ti replik. Moun ki ap viv nan kay beton yo oblije abandone kay yo pou evite ti replik detanzantan sa …
Li Plis »AYITI/KORIPSYON: YON NOUVO STRIKTI PRAN NESANS NAN MITAN JOUNALIS YO POU GOUMEN KONT KORIPSYON
Yon nouvo strikti pran nesans nan mitan jounalis yo nan objektif pou goumen kont koripsyon, selon premye avi yo. Strikti sa pote non « RJHAJAC » ki vle di nan lang franse « Réseau Haitien des Journalistes Anti-corruption », li gen pou piti 57 jounalis ak plizyè avoka. Strikti sila ki gen kòm direktè …
Li Plis »AYITI/GOUDOU GOUDOU: TRANBLEMAN TÈ A FÈ ANPIL DEGA NAN KOMIN ANSAVO
Tranbleman tè ki pase maten lendi 24 janvye 2022 a nan depatman Nip ak manitid 5. 3, daprè sa responsab yo nan biwo min ak enèji. Nan yon entèvyou delege depatman Nip lan Morel Esperance Berard, bay redaksyon Echo Jounal, kote li fè konnen sekous tranbleman tè yo ki fèt …
Li Plis »AYITI/LANMÒ :YON TI LÈZANJ NAN THOY’ ART FÈ VWÈL POU PEYI SAN CHAPO
Nègès Da, pitit fi metrès « Thoy’ art » la, mouri jounen dimanch 23 janvye 2022, daprè sekretè »Thoy’art », Yenny. Kilti ayisyèn nan pran yon gwo kou. Nègès Da ki gen sèlman 8 lane sou tèt li mouri. Yon zetwal ki file twò bonè. Nègès Da, jan yo te konn rele li la, …
Li Plis »AYITI/POLITIK: KANDIDA POU PREZIDAN PWOVIZWA NAN AKÒ MONTANA, FRITZ ALPHONSE JEAN FÈ YON TI BAT BOUCH AK KÈK GWOUP NAN SEKTÈ ATIZANAL LA.
Kandida pou pòs prezidan pwovizwa nan akò Montana, Fritz Alphonse Jean fè yon ti bat bouch ak plizyè gwoup nan sektè atizanal la jounen dimanch 23 janvye 2022 a nan « Hotel Caribe » ki chita kò li nan Juvenat. Bat bouch sa te fèt nan objektif pou konnen kijan atizan yo …
Li Plis »AYITI/ SEKIRITE: LAPOLIS FOUKE YON GANG NAN 400 MAWOZO
Lapolis Nasyonal Dayiti anonse, jounen samdi 22 janvye a, li mete anba kòb nan komin kwadèboukè Chouby Fenelon ki gen lòt non ki se Youri Fenelon, manm aktif gwoup gang 400 mawozo a. Fòs lòd yo fè konnen yo mete men nan pat kasav prezime bandi a nan moman li …
Li Plis »AYITI/PNH : PLIZYÈ JÈN KONPOZE NAN KONKOU ENTÈLEKTYÈL POU RANTRE NAN LAPOLIS NAN DEPATMAN NIP
Sèvis rekritman nan direksyon depatmantal polis Nip, òganize jounen dimanch 23 janvye 2022 a, egzamen entèlektyèl pou jèn ki vle entegre lòt pwomosyon Lapolis ki ap gen pou sòti a. Pòt pawòl polis Nip lan Astrel Calixte, fè konnen gen sou yon total 87 jèn ki te kandida gen 50 …
Li Plis »