Ayiti/Aksidan: Kat moun mouri ak plizyè lòt blese grav nan yon gwo aksidan nan zòn Kanape-Vè

Yon trajedi san parèy sakaje katye Kanape-Vè byen bonè samdi 9 me 2026 la. Yon minibis ki pèdi fren lakòz lanmò pou pi piti kat moun epi kite dèyè li yon sèn dezolasyon total.

Se nan tristès ak kè sere popilasyon an nan zòn Kanape-Vè leve maten an. Yon bwi fò ak rèl kouri te anvayi lari a lè yon minibis blan, ki pote plak imatrikilasyon TP 28348, pèdi kontwòl li nan desann nan, toupre sou-komisarya polis la.

Dapre premye enfòmasyon ki rive jwenn nou, se yon defayans mekanik ki ta lakòz machin nan pèdi fren. Minibis la, ki te ap desann ak yon vitès depase limit, fin krase nan mitan lari a. Bilan pou kounye a fè konnen gen omwen kat moun ki pèdi lavi yo, pami yo chofè machin nan ki idantifye sou non Jhonly Véard.

Anplis moun ki mouri yo, gen uit (8) lòt pasaje ki soti blese grav anpil. Video ak foto kk ap sikile sou rezo sosyal yo montre plizyè nan viktim sa yo nan yon eta kritik. Temwen sou plas rapòte sèn kote dlo nan je, rèl ak moun ki ap kouri nan tout sans te mèt jounen an apre chòk la.

Touswit apre aksidan an, moun ki rete nan zòn nan ak kèk sekouris ki te toupre te mobilize byen vit pou pote premye swen bay viktim yo. Yo te transpòte moun ki blese yo nan lopital ki pi pre yo pou yo ka jwenn swen nesesè.

Jiska prezan, otorite lapolis yo poko bay yon rapò ofisyèl sou sikonstans egzak trajedi sa a, men emosyon an rete trè fò nan mitan moun nan zòn nan ki ap mande plis kontwòl sou eta mekanik machin ki ap transpòte moun nan peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Enquête sur l’assassinat de Jovenel Moïse : l’ex-sénateur Nenel Cassy auditionné par le juge Denis Cyprien

L’ancien parlementaire Nenel Cassy a été auditionné ce jeudi pendant plus de deux heures par …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager