Ayiti/Dife: Yon gwo dife pran nan yon katye popilè nan komin fò libète.

Pou pi piti 15 moun soti blese (boule) nan yon gwo dife ki eklate jounen samdi 6 desanm 2025 lan nan yon katye popilè nan komin Fòlibète.

Selon enfo yo dife sa ki fè anpil dega kote plis pase senk (5) kay boule, yon moto ki tap bote gaz boule, pou pi piti 15 moun blese, 8 gason, 3 fanm ak 5 timoun, dife sa te pran nan yon kay kote yo te sere gaz (gazolin) pou vann nan mache nwa. Pi fò nan moun sa yo ki boule grav ap pran swen nan lopital depatmantal fò libète a.

Nou ap fè ou konnen selon enfo nou rive jwenn gen plizyè vil pwovens nan peyi a se nan gwo batay pou yon moun rive jwenn yon ti gaz akoz gouvènman defakto a pa janm pran okenn dispozisyon pou rezoud kriz sa.

About Echojounal

Check Also

Crise à la BNC : Le calvaire des clients face à une panne de signal persistante

Depuis plusieurs jours, les clients de la Banque Nationale de Crédit (BNC) font face à …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager