Ayiti/fineray: Antèman Massillon Jean deja genyon dat

Antèman majistra komin Gresye a, Massillon Jean, ap fèt ofisyèlman dimanch 18 oktòb 2026 ki ap vini an, dapre enfòmasyon ki rive jwenn nou.

Dapre deklarasyon majistra Jean Max Duvivier, seremoni an ap gen yon karaktè ofisyèl pou rann yon dènye omaj ki alawotè moun ki pati a. Dispozisyon sa a vize salye memwa ak kontribisyon Massillon Jean te pote nan sosyete a.

Malgre detay sou plas egzak seremoni an ak lè sèvis la poko rann piblik nèt, otorite lokal yo ak fanmi an ap travay men nan men pou finalize pwogram nan.

Nouvèl sa a soulve anpil emosyon nan mitan pwòch li yo, kolaboratè l yo ansanm ak manm kominote a ki prepare yo pou rann li yon dènye omaj byen merite. Detay konplè sou kalandriye ak dewoulman seremoni an ap kominike nan jou ki ap vini yo.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Edikasyon/Manifestasyon: Plizyè dizèn elèv nan Jakmèl pran lari jounen lendi 9 septanm 2026 la.

Yon gwo mouvman pwotestasyon pete jounen lendi 9 novanm 2026 la nan vil Jakmèl. Plizyè …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager