Pap Leyon XIV anonse dimanch 11 oktòb 2026 sa a li pral gen pou l sibi yon entèvansyon chirijikal rapidman nan poumon. Annons sa a fèt pa Pap menm pandan li te ap dirije tradisyonèl lapriyè Lanjelis (L’Angélus) la devan plizyè milye fidèl ki te reyini sou Plas Sen Pyè nan Vatikan.
Daprè detay ki kominike yo, operasyon an gen pou objèktif pou retire yon ti nodil ki byen ki pa gaye nan poumon li. Doktè yo eksplike yo te detekte ti mas sa a nan yon etap ki « trè prekos » pandan kèk egzamen medikal woutin yo te ap fè sou li pa gen lontan, sa ki bay gwo espwa pou yon gerizon total ak rapid.
Pandan diskou li a sou plas Sen Pyè a, li te montre anpil serenite. Li te pwofite okazyon an pou l mande katolik yo ak tout moun ki ap swiv li atravè mond lan pou yo akonpaye l ak priyè yo pandan peryòd sa a.
« Mwen gen yon konfyans total nan ekip medikal la ak nan gras Bondye. Mwen mande nou chak pou nou kenbe m nan priyè nou yo, » se deklarasyon Pap la te fè devan foul la.
Kominike ofisyèl ki soti nan biwo laprès Vatikan an konfime ke entèvansyon chirijikal sa a ap fèt nan jou ki ap vini yo nan lopital Agostino Gemelli nan Wòm. Doktè yo prewa pou Pap la pase apeprè yon semèn ospitalize anvan li retounen nan aktivite abityèl li yo.
Apre annons sa a, anpil mesaj sipò ak swè bon gerizon deja ap koule soti nan tout kwen sou la tè, ki gen ladan reprezantan divès relijyon ak lidè politik entènasyonal yo.
Echojounal echojounal.net