Leta ayisyen panse li jwenn yon fason pou li kalme kòlè popilasyon an: yo retire yon ti monnen 25 goud sou pri gaz la. Apre yon reyinyon Konsèy Konsiltatif sou mache petwòl la, otorite defakto yo anonse ak tout fòs yo ke galon gazolin nan pase de 725 a 700 goud, epi dizèl la soti nan 850 pou li tonbe nan 825 goud.
Men, ann gade reyalite a anfas: Èske se sekou oubyen se radòt?
Yon kout ponya nan do malere
Lè gouvènman an te deside monte pri gaz la nan nivo tèt nèg sa a, yo pa te ajoute ti kras. Yo te grenpe pri yo ak plis pase 200 goud nan yon sèl kou, sa ki te rale yon enflasyon kote pri transpò ak manje vin depase kapasite pèp la. Jodi a, apre yo fin toufe malere a, yo vin lage yon ti moso 25 goud kòm si se yon kado yo fè nou.
Nan nenpòt kalkil serye, retire 25 goud sou yon pri ki te monte de plizyè santèn goud, se pa ekonomi, se moke yo ap moke pèp la. Se tankou yon moun ki vòlè tout yon bœuf nan men ou, epi ki tounen vin ba ou yon moso zosèl pou li di w « mèsi ».
Sa ki pi rèd la, pri Kerozèn nan, ki sèvi prensipalman moun ki pi pòv yo pou yo limen lanp oswa fè yon ti dife kwit manje, pa desann menm yon goud. Li rete kole nan 845 goud. Sa montre aklè kote priyorite dirijan sa yo chita: yo pa menm fè yon efò senbolik pou kategori ki pi frajil nan sosyete a.
Dapre Jacques Anderson Desroches, pòtpawòl Konsèy la, nouvo pri sa yo ap aplikab nan 48 èdtan. Men, kesyon tout moun ap poze se: Kisa 25 goud pral chanje nan lavi yon chofè taptap oswa yon machann ki peye transpò chak jou? Èske pri kous la ap desann? Non.
Èske pri yon mamit diri ap desann? Non.
Desizyon sa a sanble plis ak yon tantativ pou « fèmen bouch » moun olye se yon vrè volonte pou soulaje mizè ki ap ronje peyi a. Gouvènman an montre yon lòt fwa ankò jan li dekonekte ak reyalite lari a.
Pandan otorite yo ap felisite tèt yo pou « rediksyon » sa a, pèp ayisyen an li menm ap gade ak de je li jan yo ap sèvi avèk li tankou jwèt. 25 goud pa ka repare dega plizyè santèn goud te lakòz. Se pa yon soulajman, se yon ridikil.
Echojounal echojounal.net