Mondyal 2026: Ajantin kont Angletè pou yon plas nan Final Mondyal 2026 la! Men istwa yo

Aswè a, lemond antye ap gen je l fikse sou Atlanta Stadium (nan vil Atlanta, Ozetazini). De gwo rival istorik nan foutbòl entènasyonal, Ajantin ak Angletè, pral livre yon batay san mèsi nan demi-final koup dimond 2026 la. Match sa a, ki gen yon istwa ki rich anpil, pwomèt gwo tonton espektak.

Pou asire tout bagay mache byen sou teren an nan mitan presyon sa a, FIFA chwazi ameriken Ismail Elfath, pou dirije gwo chòk sa a.

Wout pou rive nan demi-final sa a pa te fasil pou okenn nan de ekip yo. Yo chak te montre anpil detèminasyon:

🏴󠁧󠁢󠁥󠁮󠁧󠁿 Angletè (Soutni pa Thomas Tuchel):
Faz Goup: Angletè te kòmanse fò ak yon viktwa (4-2) kont Kwasi. Apre sa, yo te fè yon match nil (0-0) kont Gana, epi yo te bat Panama (2-0) pou yo fini an premye nan gwoup yo.
Faz Eliminatwa: Nan 16èm de final, yo te ranvèse Repiblik Demokratik Kongo (2-1). Nan 8èm de final, yo te goumen ak 10 jwè pou yo te elimine peyi ki te ap resevwa a, Meksik. Nan ka de final la, mesye Thomas Tuchel yo te jwenn viktwa yo nan pwolongasyon (2-1) kont gwo ekip Nòvèj la gras ak gwo pèfòmans Jude Bellingham.

🇦🇷 Ajantin (Soutni pa Lionel Scaloni):
Faz goup: Chanpyon an tit la te kòmanse ak yon bèl viktwa (3-0) kont Aljeri kote Lionel Messi te make yon triple. Yo te fini premye nan gwoup yo ak yon pakou san fot.
Faz Eliminatwa: Defansè tit la te montre karaktè yo pandan tout faz eliminatwa a pou yo rive nan etap sa a, sitou nan ka de final la kont Laswis kote yo te oblije ale nan pwolongasyon pou yo genyen (3-1) gras ak gòl Julián Álvarez ak Lautaro Martínez.

Match sa a se pa yon senp match foutbòl, se yon gwo rivalite istorik. Nan istwa Koup dimond nan, de ekip sa yo te rankontre 5 fwa deja:
Angletè genyen 3 fwa: Nan ane 1962 (3-1), 1966 (1-0), ak nan ane 2002 (1-0) gras ak yon penalite David Beckham.
Ajantin genyen 2 fwa: Men de viktwa sa yo se match ki make istwa foutbòl nèt ale. Nan ane 1986 (2-1) ak de gòl lejandè Diego Maradona (« Men Bondye a » ak « Gòl syèk la »), epi nan ane 1998 kote Ajantin te elimine Angletè nan tiraj o bi apre yon match nul (2-2)
Sa fè 21 lanne depi de ekip sa yo pa te jwe yon match ofisyèl ansanm (dènye fwa a se te yon match amikal nan lanne 2005 kote Angletè te genyen 3-2).

Sou plan palmarès, de nasyon sa yo fè pati elit foutbòl mondyal la:
🇦🇷 Ajantin gen 3 Etwal: Yo te genyen Koup dimond lan nan lane 1978, 1986 (avèk Maradona), ak dènye a nan lane 2022 nan peyi Kata kote Lionel Messi te leve trofe a. Yo ap chèche asire premye double depi Brezil nan lane 1962.
🏴󠁧󠁢󠁥󠁮󠁧󠁿 Angletè gen 1 Etwal:  Yo te fèt lakay yo nan lane 1966. Depi lè sa a, yo toujou ap chèche yon dezyèm etwal pou mete sou mayo yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Jeux panaméricains : Moisson historique pour l’Haïtien Christian Jérôme à Ibagué

le 13 juillet 2026 Le nageur haïtien Christian Jérôme a marqué l’histoire de la natation …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager