Ayiti/Manifestasyon: Popilasyon Kanapevè a anonse yo ap pile beton an pou bon, gouvènman defakto deja pran dispozisyon.

Popilasyon Kanapevè a anonse yo ap pile beton an pou bon jou ki ap mèkredi 16 avril 2025 lan pou kapab libere peyi a anba grif manm Konsèy Prezidansyèl Chak moun fè ti kout yo, premye minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé ak alye yo gwoup bandi « Viv Ansanm » yo.

« Samuel », youn nan lidè mouvman sila mande tout moun ki nan tout peyi a pou leve kanpe jou mèkredi sa, li mande moun Solino, Kafoufèy, Nazon ak tout moun nan tout zòn ke mesye « Viv Ansanm » yo nan tèt kole ak gouvènman defakto a mete deyò lakay yo pou rejwenn yo nan gwo mouvman sila ki, selon lidè a ki pral liberasyon peyi a, li mande popilasyon an pou mache ak tout sa yo genyen pou yo kapab defann tèt yo.

Pilwen Samuel batize jou mèkredi sa « Mèkredi dèsand », li anonse anpil bagay pou jou sa, li tou pwofite denonse apèl yon seri otorite defakto ke li ap resevwa nan objektif pou ta kraze mouvman an e fè li pè, li fè konnen li pap pran presyon, li pap pè se peyi li ak popilasyon an li ap defann, si yon moun anvi pale se ak pèp la pou yo vin pale.

Gouvènman defakto a bò kote pa yo pran tout dispozisyon pou anpeche manifestasyon an, selon enfo yo lapolis gentan resevwa lòd pou sa e gen anpil tantativ bò kote manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo pou ta achte kèk nan lidè mouvman an nan ofri yo lajan, e menm ap fè plan pou ta arete oubyen touye Samuel.

kredi foto: Radio France.

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …