Ayiti/Manifestasyon: Gwo mobilizasyon pou rive devan Vila Dakèy jounen mèkredi 16 avril 2025 lan.

Popilasyon Kanapevè a nan tèt kole ak plizyè zòn nan kapital la ke bandi yo, gouvènman defakto a, ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo mete deyò lakay yo a ap pile beton an pou jounen mèkredi 16 avril 2025 lan.

Manifestasyon sa ki ap reyini moun Kanapevè, Boudon, « Petion ville », Nazon, Kafoufèy ak tout moun nan tout zòn ki kouri kite kay yo, moun ki ap viv nan tout kan yo ap derape sou plas Kanapevè pou ale nan vila Dakèy pou al fè otorite defakto yo tande vwa yo, òganizatè gwo mouvman sila yo mande popilasyon an pou yo mache ak tout sa yo genyen pou yo kap defann tèt yo kont tout moun ki ta vle vin bare yo lawout.

Selon enfo yo, lapolis bò kote pa yo deja pran tout dispozisyon pou reponn ak gwo mouvman sa ke popilasyon an lanse a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Participation du Ministre de la Santé Publique à la réunion préparatoire de la 78e Assemblée Mondiale de la Santé

Genève, 19 mai 2025 — À la veille de l’ouverture officielle de la 78e Assemblée …