Ayiti/ULCC: Jean Ronel Sistanis pase plis pase 5 èdtan ap bay detay sou kòripsyon ki gen nan Ministè Defans

Dosye kòripsyon nan administrasyon piblik la pran yon lòt vitès semèn sa a. Direktè Jeneral Ministè Defans lan, Jean Ronel Sistanis, te reponn envitasyon ankètè Inite de Lit Kont Kòripsyon (ULCC) yo jounen mèkredi 4 fevriye 2026 la.

‎​Dapre enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon nou, seyans odisyon sa a te dire plis pase senk (5) èdtan. Mouche Sistanis pa te rive de men vid: li te genyen plizyè dokiman enpòtan nan men li pou li te ka jistifye deklarasyon li yo devan komisè yo.

‎​
‎​Pandan pasaj li nan biwo ULCC a, DG Sistanis ta bay detay ki « piman bouk » sou fason lajan Leta te konn detounen nan ministè a. Sous ki pwòch dosye a fè konnen deklarasyon DG a ta vize klèman manèv ki te ap fèt ak bidjè enstitisyon an, yon sitiyasyon ki te deja nan kolimatè otorite ki ap konbat kòripsyon yo.
‎​

‎​ Apre gwo revelasyon DG a te fè yo, gen gwo bri ki ap kouri ki di Minis la menm ta kapab resevwa manda pa li pou li vin bay esplikasyon nan jou ki ap vini yo.

‎​Sa ta montre ankètè ULCC yo ap chèche konnen ki nivo responsablite chak moun nan eskandal sa a ki sal imaj ministè ki responsab sekirite nasyonal la.

‎​Dosye sa a ap suiv ak anpil atansyon nan moman kote popilasyon an ap mande plis transparans nan fason lajan leta ap depanse nan peyi a.

About Echojounal

Check Also

Haïti/Transition: Vers un nouvel exécutif bicéphale avec un Président issu de la Cour de Cassation

Dans une note publique publiée ce mercredi 4 février 2026, la Commission de facilitation des …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager