Ayiti/Zen/Legliz: Yon pastè nan peyi Dayiti mande lanmò pou yon pitit fi li.

Pastè Amel Lafleur mande lanmò pou yon pitit fi li apre pitit la fin pran desizyon marye san li pa te mete okenn moun nan fanmi li okouran.

Amel Lafleur fè demand lanmò sa yo pou pitit li a sou chè legliz la devan tout fidèl li yo, pou pastè a te pwouve ke se pa blag li ap fè ke se tout bon li vle pou pitit la ak tout mari a mouri, li fè yon pil sèman kote li menm mande Bondye pou li ak tout rès fanmi li peri.

Amel te ale pi lwen kote li bay lòd pou mete deyò yon fidèl legliz la e sezi kat li akoz fidèl la te sezi tande pil sèman ki te ap soti nan bouch pastè a ki te ap mande lanmò pou pwòp pitit li, mouche Amel deklare nan batay pa gen fanmi lè yon moun nan batay li te mèt se manman li ki parèt devan li se fizye li pou pwoteje tèt li e lè sa se yon enmi li elimine.

Pitit la bò kote pa li pat pran tan pou te reponn papa li ki swete tout kalte mal pou li, pitit la mande Bondye tout sòt benediksyon pou papa li Amel Lafleur, pou manman li, pou frè li, pou sè li pou site sa yo ak pou mari li.

Nou ap raple ou se pitit fi sa mouche Amel te bo sou tèt bouch anndan legliz la, sa ki te fè anpil pale nan peyi a kote, minis kilt nan epòk la te pran sanksyon kont pastè Amel pou li pa te manyen mikwo pou senk (5) lane.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Zen: Apre komin Mibalè vil Okay nan wout pou li livre bay bandi, Guy Philippe reyaji.

Nan yon lèt tou louvri ki pote dat 11 avril 2025 direktè depatmantal Sid polis …