Kagoul ki te nan vizaj manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la, premye minis defakto a, DG PNH la, kòmandan an chèf lame a tonbe jounen 16 avril 2025 lan selon anpil moun.
Apre moun yo fin konstate gwo mobilizasyon ki fèt jounen mèkredi a pou te anpeche popilasyon an pile beton an pou te fè tande vwa yo kote, lapolis ak lame a te mobilize tout fòs yo nan tout ti kwen kote yo konnen manifestan yo pral pase, yo te menm itilize kay ki wo yo pou te gen kontwòl pèp la ki te pran lari, selon enfo yo ministè enteryè te mete gwo lajan atè a pou te kreye divizyon nan mitan lidè manif yo.
Selon enfo nou rive jwenn byen bonè nan maten mèkredi a lapolis te tire anpil kout bal nan « Juvenat » pou te fè moun ki te gen ide pran lari yo pè pou yo ka rete lakay yo, yo te itilize yon zo reken blan pou fè sa, sou wout Dèlma a nan nivo 95 lapolis te gentan mobilize e menm te gentan lanse gaz sou yon gwoup moun ki tap mobilize, se menm konsta a nan nivo Dèlma 87, 60 pou site sa yo.
Selon anpil moun, aksyon sa yo pwouve klè ke manm gouvènman defakto yo pa gen okenn volonte pou konbat bandi yo men, pito kolabore ak yo pou fè tout sa yo ap fè nan peyi a yo, bandi yo ap travay pou gouvènman defakto a, yo pran pou egzanp sa ki pase Mibalè a, nan Sodo, sa ki ap pase Kenskòf yo e anyen ki pa janm fèt pou pran okenn zòn ki sou kontwòl bandi yo.
Selon anpil moun nan popilasyon an, si lapolis ak lame a te mobilize konsa pou bay sekirite nan peyi a, jodi a pa tap gen tout tèritwa sa yo ki pèdi e bandi yo pa tap alèz konsa, kote yo fè sa yo vle, jan yo vle, kote yo vle.