Nan istwa foutbòl ayisyen an, gen jwè ki gen yon pakou ki pa gade dèyè. Markhus « Duke » Lacroix, defansè gòch seleksyon nasyonal Ayiti a, se youn nan yo. Jwè sa a, ki ap evolye nan klèb Colorado Springs Switchbacks FC nan peyi Etazini, se yon pyès enpòtan nan estrateji defansiv ekip nasyonal la pou gwo randevou entènasyonal yo.
Malgre li se yon poto mitan pou ekip Ayiti a, Duke Lacroix pa fèt sou tè Ayiti. Li fèt 14 oktòb 1993 nan zòn New Egypt, nan leta New Jersey, Ozetazini. Se la li grandi epi li kòmanse briye nan espò depi nan lekòl segondè (The Lawrenceville School), kote li pa te sèlman jwe foutbòl, men li te konn fè kous atletism tou (li te menm genyen gwo kous nan Penn Relays). Li se yon pitit dyaspora ki gen orijin ayisyen, sa ki pèmèt li chwazi reprezante peyi zansèt li yo sou sèn entènasyonal.
Pakou nan Klèb: Yon Karyè Solid Ozetazini
Anvan li te tounen yon jwè pwofesyonèl, Lacroix te fè yon parcours inivèsite ki make lespri moun nan University of Pennsylvania (Penn Quakers) ant 2011 ak 2014. Nan epòk sa a, li te ap jwe kòm atakant e li te genyen plizyè distenksyon endividyèl tankou « Rookie of the Year » ak « Offensive Player of the Year » nan Ivy League la.
Lè li pase nan nivo pwofesyonèl, li chanje pozisyon pou li vin jwe kòm lateral gòch (left-back) epi li bati yon gwo non nan USL Championship (dezyèm divizyon ameriken an).
Men ekip li pase:
Indy Eleven (2015-2016)
Orange County SC (2017)
Reno 1868 (2018-2019)
Charlotte Independence (2020)
Sacramento Republic (2021-2022)
Colorado Springs Switchbacks FC (2023-Kounye a): Se nan klèb sa a li jwenn pi gwo siksè li nan nivo klèb, kote li te jwe yon wòl fondamantal nan genyen tit USL Championship la nan ane 2024.
Pakou nan Seleksyon: Yon rèv koup Dimond ki Realize
Malgre li te nan lis jwè pou ekip jèn Ozetazini (U14, U15 ak U18), Duke Lacroix te chwazi mete mayo Grenadye yo pou nivo senyò.
Li te jwenn premye seleksyon li ak Ayiti nan mwa jen 2023 nan yon match amikal kont Saint-Kitts-et-Nevis (vikwa 3-1). Depi lè sa a, li vin tounen yon jwè endispansab sou kote gòch defans lan. Li te patisipe aktivman nan match kalifikasyon yo kote li te menm make premye gòl entènasyonal li kont Barbade an jen 2024.
Nan fen mwa me 2026, nouvèl la tonbe ofisyèlman: Duke Lacroix jwenn plas li nan lis final seleksyon an pou al jwe Koup Dimond FIFA 2026 la. Sa a se yon moman istorik pou peyi a ki te ap tann sa depi 1974. Pou Duke, Koup Dimond sa a ap gen yon gou espesyal paske Ayiti ap gen pou jwe nan zòn Massachusetts ak Philadelphia, de kote li konnen trè byen nan karyè li Ozetazini.
Echojounal echojounal.net