Eliminatwa Ligue Europa: Lenny Joseph frape fò e bay Ferencváros viktwa.

Nan okazyon dezyèm tou eliminatwa Ligue Europa la, ekip Ferencváros la te ale fè yon gwo operasyon sou teren Twente (2-1) jounen jedi 23 jiyè 2026 la, gras ak yon double Lenny Joseph.

‎Lenny Joseph kòmanse nouvo sezon an menm jan li te fini dènye a: ak anpil efikasite devan gòl la! Deja te make nan tou anvan an, grenadye a konfime bon fòm lè li mete de bal nan filè ekip Twente a.

‎Se grenadye a ki te louvri koze a depi nan 14yèm minit jwèt la pou l te bay « Aigles Verts » yo avantaj la. Menm si danwa Aske Adelgaard te jwenn egalizasyon an pou Twente nan 38yèm minit, sa pa te dekouraje atakan ayisyen an. Nan 80yèm minit la, Lenny Joseph te retounen fredi sou yo ak yon dezyèm reyalizasyon, sa ki bay ekip li a yon viktwa trè enpòtan deyò lakay yo.

‎Gras ak siksè sa a, Ferencváros pran yon bon opsyon pou l pase nan pwochen tou la. Match retou a ap jwe 30 jiyè ki ap vini an. Fwa sa a, Lenny Joseph ak tout kòlèg li yo ap jwe devan fanatik pa yo nan peyi Hongrie, kote yo ap gen pou yo fini travay la nèt pou valide kalifikasyon an.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondial 2026 : Donald Trump encense la FIFA et salue un succès sans précédent

​À l’approche de la grande finale du Mondial 2026, le président américain Donald Trump a …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager