Espò/Ligue des nations Concacaf : Ayiti ap konnen advèsè li yo 23 jiye 2026 sa a.

Konfederasyon foutbòl nan zòn Amerik Nò, Amerik Santral ak Karayib la (Concacaf) anonse li ap òganize tiraj osò pou senkyèm edisyon Ligue des nations an jou ki ap jedi 23 jiye 2026 la, nan vil Miami. Yon moman enpòtan pou seleksyon nasyonal ayisyen an ki retounen nan elit foutbòl rejyon an (Ligue A) epi ki ap tann pou konnen ak ki ekip li ap gen pou li kwaze.

Apre yon bèl pakou ki te pèmèt li tounen nan Ligue A, Grenadye yo ap gen pou yo batay ak pi gwo ekip nan zòn nan pou edisyon 2026-2027 sa a.

Ligue A a ap gen ladan li 16 pi bon seleksyon nan rejyon an, men fason konpetisyon an ap dewoule a prezante konsa :
Laliman nan faz gwoup : Kat (4) pi bon ekip nan klasman Concacaf la ap kalifye dirèkteman pou ka de final. 12 lòt ekip yo, kote Ayiti ap ye a, pral pati an de gwoup 6 ekip.

Kat match pou jwe : Chak ekip pral jwe 4 match (2 lakay ak 2 deyò) pandan fenèt FIFA mwa septanm ak oktòb 2026 yo.

Edisyon sa a gen yon valè kapital pou ekip nasyonal la, paske li sèvi kòm eliminatwa ofisyèl pou Gold Cup 2027 la. Yon bon pèfòmans nan faz gwoup la ap pèmèt Ayiti pa sèlman kenbe plas li nan elit la, men tou valide tikè l pou pi gwo konpetisyon peyi nan zòn nan.

Si Grenadye yo rive franchi etap ka de final yo, yo ap gen chans pou yo al jwe *Final Four* la nan mwa mas 2027 nan estad SoFi nan Los Angeles, Etazini.

« Rendez-vous, » a fikse pou 23 jiye sa a pou tout fanatik foutbòl ayisyen an kapab konnen ki wout seleksyon an ap gen pou li travèse nan mwa ki ap vini yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: Lespay ak Ajantin Fas a fas pou Kouwòn Mondyal 2026 la! Tout ti detay sou 2 ekip yo.

MetLife Stadium nan New Jersey ap tounen yon gwo chodyè ki ap bouyi kote Lèspay …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager