Leta pwolonge entèdiksyon sou eksplwatasyon karyè sab yo pou 15 jou ankò

Ministè anviwònman (MdE) ansanm ak Ministè Travay Piblik, Transpò ak Kominikasyon (MTPTC) pran desizyon pou lonje pou 15 jou anplis entèdiksyon ki te genyen sou eksplwatasyon karyè sab yo nan plizyè zòn nan wotè kapital la. Mezi sa a konsène zòn tankou Pèleren, Laboul, Boutiliye ak Kenskòf.

Dapre eksplikasyon otorite nan Ministè anviwònman yo bay, delè siplemantè sa a la pou pèmèt mèt karyè yo fini regle tout dokiman ak fòmalite legal yo pou yo ka an règ ak lalwa.

Desizyon sa a antre nan kad yon volonte pou pwoteje anviwònman an epi evite katastwòf nan zòn mòn sa yo ki anlè lavil la, pandan yo ap fòse operatè yo pran responsablite yo devan lalwa.

About Emmanuel Hubert

Check Also

L’OTAN renforce son dispositif en mer Noire après de nouvelles frappes contre des navires marchands près des côtes bulgares

L’Alliance atlantique a annoncé ce mardi un réajustement immédiat de son dispositif de défense et …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager